YouVersion Logo
Search Icon

Marc 2

2
1Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.
2Byen vit #Mc 1:45anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.
3Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye. 4Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.
5Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”
6Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo: #Luc 6:10 7“Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; #És 43:25kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”
8Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap refleshi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou? 9Kisa ki pi fasil pou di a paralitik la: ‘Peche ou yo padone’, oubyen leve pran palèt ou e mache?’ 10Men pou nou ka konnen ke Fis a Lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche yo” —Li te di a paralitik la: 11“Mwen di ou leve, pran palèt ou e ale lakay ou.”
12Byen vit, li te leve, pran palèt li, e te sòti deyò devan tout moun. Yo tout te etone. Yo t ap #Mat 9:8bay glwa a Bondye. Yo t ap di: #Mat 9:33“Nou pa janm wè yon bagay konsa”.
13Li te ale deyò ankò bò kote lanmè a. #Mc 1:45Tout foul la te vin kote Li, e Li t ap enstwi yo. 14#Mc 9:9-13Pandan Li t ap pase, Li te wè Lévi, fis a Alphée a, ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di li: “Swiv Mwen”! Konsa, li te leve pou swiv Li.
15Li te vin rive pandan Li te sou tab lakay li a, ke anpil kolektè kontribisyon avèk pechè yo t ap dine avèk Jésus ak disip Li yo. Yo te anpil, e yo t ap swiv Li. 16#Luc 5:30skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”
17Lè L te tande sa, Jésus te di yo: #Mat 9:12,13 “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.
18 # Mat 9:14-17 Disip a Jean avèk Farizyen yo t ap fè jèn, epi yo te vin di L: “Poukisa disip a Jean avèk disip a Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè L?”
19Jésus te di yo: “Pandan jenn gason k ap marye a avèk yo, èske patisipan fèt yo fè jèn? Non, depi jennonm nan la, yo pa kapab fè jèn. 20Men #Mat 9:15jou yo ap vini lè jennonm nan va retire de yo. Konsa, nan jou sa a, ya fè jèn.
21 “Pèsòn pa koud yon moso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal. 22E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”
23 # Mat 12:1-8 Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.
24Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, #Mat 12:2poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?
25Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo? 26Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la #I Sam 21:1Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”
27Jésus te di yo: #Egz 23:12“Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a. 28Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”

Currently Selected:

Marc 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in