YouVersion Logo
Search Icon

Marc 11

11
1 # Mat 21:1-9 Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te bay komisyon a de nan disip Li yo. 2Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la. 3Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”
4Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.
5Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a? N ap demare ti bourik la?”
6Yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.
7Yo te #Mat 21:4-9pote ti bourik la bay Jésus. Yo te mete vètman yo sou li, e Li te chita sou li.
8Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la. 9Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! #Sòm 118:26Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a! 10Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an! Ozana #Mat 21:9nan pi wo a!”
11 # Mat 21:12 Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, #Mat 21:17Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè tà.
12Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou. #Mat 21:18-22 13Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!”
E disip Li yo te tande l.
15 # Jn 2:13-16 Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo. 16Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj. 17Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: #És 56:7; Jr 7:11‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”
18Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo #Mat 21:46te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li. Paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.
19 # Mat 21:17 Lè aswè te rive, Li te kite vil la.
20 # Mat 21:19-22 Pandan yo t ap pase lantre granmmaten an, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.
21Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: #Mat 23:7“Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.
22Jésus te reponn e te di yo: #Mat 17:20“Mete lafwa nan Bondye. 23Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. #Mat 17:20 24Pou sa, Mwen di nou, pou #Mat 7:7tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, #Mat 6:14si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26#Mat 6:15 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
27Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. #Mat 21:23-27E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
28Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
29Jésus te di yo: “M ap poze nou yon kesyon, e nou va reponn Mwen; epi konsa, Mwen menm, M ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo. 30Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oubyen nan lòm? Reponn Mwen.”
31Yo te rezone pami yo menm pou di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li? 32Men si nou di de lòm?” Konsa, yo te pè foul la, paske tout moun te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.
33Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”.
Konsa, Jésus te di yo: “Nonplis, Mwen p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo”.

Currently Selected:

Marc 11: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in