YouVersion Logo
Search Icon

Michée 7

7
1Malè a mwen menm!
Anverite, mwen tankou moun
k ap ranmase fwi gran sezon,
k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven.
Pa gen grap rezen pou manje,
ni yon grenn #És 28:4premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.
2Moun fidèl #És 57:1 fin disparèt sou latè a,
e nanpwen moun dwat pami lòm.
Yo tout kouche an anbiskad pou #És 59:7vèse san;
yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen.
3Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l #Pwov 4:16,17 byen.
Prens lan mande, e jij la prè pou yon #Am 5:12glise anba tab.
Yon nonm pwisan prezante tout mechanste
ke nanm li bezwen.
Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
4Pi bon nan yo se pikan.
Pi dwat la pi mal pase kloti zepin.
Jou gadyen ou,
jou #És 10:3vizitasyon ou an fin rive.
Koulye a y ap #És 22:5 boulvèse, egare nèt.
5Pa #Jr 9:4fè konfyans ak yon vwazen.
Pa fè konfyans ak yon zanmi.
Ak fi la k ap kouche ak ou a,
gade pòt bouch ou!
6Paske #Mat 10:21,25fis la derespekte papa a,
e fi a leve kont manman li,
bèlfi a kont bèlmè li;
lènmi a yon nonm se anndan lakay li.
7Men pou mwen menm,
mwen va #Hab 2:1 gade vè SENYÈ a.
Mwen va #Sòm 130:5tann Bondye a sali mwen an.
Bondye mwen an va koute mwen.
8 # Pwov 24:17 Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen.
Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò.
Malgre mwen chita nan tenèb,
SENYÈ a va yon #És 9:2 limyè pou mwen.
9Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a,
akoz mwen te peche kont Li,
jiskaske li #Jr 50:34plede ka mwen an,
e egzekite jijman pou mwen.
Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè,
e mwen va wè ladwati Li.
10Answit, lènmi m va wè sa,
e gwo wont va kouvri fi la ki te di m:
“Kote SENYÈ Bondye ou a?”
Zye m va gade fi sa a.
Epi konsa, nan lè sa a, li va
vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.#És 51:23
11Sa va yon jou pou #És 54:11bati miray ou yo.
Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi.
12Sa va yon jou ke yo va #És 19:23-25vin kote ou
soti Assyrie ak vil Égypte yo;
soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la,
menm soti nan lanmè,
rive nan lanmè,
nan mòn rive nan mòn.
13Malgre, latè va vin #Jr 25:11dezole
akoz sila k ap viv ladann yo,
akoz fwi a zak yo.
14 # Sòm 95:7 Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a,
bann mouton a eritaj Ou a,
ki rete pou kont yo, nan forè.
Kite yo manje nan mitan bon pa,
nan Basan ak Galaad, #Am 9:11 tankou nan ansyen tan an.
15“Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la,
Mwen va montre ou #Egz 3:20 Mirak.”
16Nasyon yo #És 26:11 va wè,
e yo va wont de tout pwisans yo.
Yo va #Mi 3:7mete men yo sou bouch yo;
zòrèy yo va vin soud.
17Yo va niche pousyè tankou sèpan.
Tankou bagay k ap ranpe sou latè,
yo va sòti #Sòm 18:45 tou ap tranble nan sitadèl souteren yo.
Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak #És 25:3gwo lakrent;
konsa, yo va pè devan Ou.
18Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki #Egz 34:7,9 padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa #Sòm 103:8,9,13kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
19Li va gen konpasyon pou nou ankò.
# Jr 50:20 Li va foule inikite nou yo anba pye L.
Wi, Ou va #És 38:17 jete tout peche yo nan fon lanmè.
20Ou va bay #Jen 24:27verite a Jacob
ak mizerikòd a Abraham,
tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo
depi nan jou ansyen yo.

Currently Selected:

Michée 7: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in