YouVersion Logo
Search Icon

Michée 5

5
1Alò, rasanble nou an twoup lame,
O fi a lame yo.
Li fin fè syèj kont nou.
Ak gwo baton, yo va #I Wa 22:24frape jij Israël la sou machwè.
2Men ou menm, Bethléhem Éphrata,
pi piti pami fanmi a Juda yo,
nan #És 11:1; Jr 30:21ou va soti de Mwen
Youn pou vin chèf an Israël.
Lè pou L vin parèt la te etabli depi
nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.
3Akoz sa, Li va #Os 11:8abandone yo jiskaske
sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la.
Nan lè sa a, retay nan frè li yo
va retounen vin jwenn fis Israël yo.
4Konsa Li va leve pou mennen
# És 40:11 bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,
nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.
Epi yo va viv, paske nan tan sa a,
Li va pwisan jis rive nan #És 45:22dènye pwent latè.
5Li va lapè nou#És 9:6; És 8:7-8 lè Asiryen yo vini nan peyi nou an,
e lè li va mache nan palè nou yo.
Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
6Yo va #Na 2:11-13 regle peyi Assyrie ak nepe,
ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.
Konsa, li va #És 14:25delivre nou soti nan men Asiryen an
lè l fè envazyon peyi nou an,
ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
7Epi konsa, #Mi 2:12retay Jacob la va
nan mitan anpil nasyon pèp yo,
tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,
tankou lapli k ap farinen sou zèb,
ki p ap tann lòm,
ni fè reta pou fis a lòm yo.
8Retay Jacob la va pami nasyon yo,
pami anpil pèp;
Tankou yon lyon pami bèt forè,
tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;
li menm, si l pase, mache, dechire an mòso
e #Jen 49:9; Sòm 50:22 p ap gen pèsòn ki pou delivre.
9Ke men ou vin #Sòm 10:12leve kont advèsè Ou yo
e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.
10“Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a,
# Za 9:10 “ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou
e Mwen va detwi cha lagè nou yo.
11“Anplis, Mwen va koupe retire #És 1:7vil
nan peyi nou yo, e mwen va jete tout
miray fòterès nou yo.
12Mwen va koupe retire zafè tout #Det 18:10-12wanga
soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.
13 # És 2:18 Mwen va retire imaj taye nou yo ak
pilye sakre ki pami nou yo,
pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.
14Mwen va dechouke #Egz 34:13Asherim ki pami nou yo,
e mwen va detwi vil nou yo.
15Epi Mwen va #És 1:24egzekite vanjans kòlè
ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”

Currently Selected:

Michée 5: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in