YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 9

9
1Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan #Mat 4:13pwòp vil Li a. 2#Mc 2:3-12Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.”
3Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a #Mc 3:28-29ap blasfeme.”
4Men Jésus te #Mat 12:25konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou? 5Kisa ki pi fasil pou di: #Mat 9:2,6‘Peche ou yo padone’, oubyen ‘leve mache’? 6Men pou nou kapab konprann ke Fis a lòm nan gen otorite sou latè pou padone peche”, Li te di a paralitik la: “Leve, pran kabann ou e ale lakay ou!”
7Epi konsa, Li te leve ale lakay li. 8Lè foul la te wè sa, yo te etonnen, e yo te #Mat 5:16bay glwa a Bondye ki te bay otorite konsa a lèzòm.
9 # Mc 2:14-22 Lè Jésus te kite kote sa a, Li te wè yon nonm yo rele Matthieu ki te chita nan biwo kontribisyon an. Li te di l: “Swiv Mwen!” Epi li te leve e te swiv Li. 10Li vin rive pandan Li te sou tab nan kay la, ke anpil ouvriye travay Kontribisyon an, avèk anpil pechè t ap manje avèk Jésus ak disip Li yo. 11Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: #Mat 11:19“Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”
12Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa #Mc 2:17sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13Men ale konprann kisa sa vle di: #Os 6:6‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”
14Aprè sa, disip a Jean yo #Luc 18:12te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn. 16Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal. 17Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
18 # Mc 5:22-43 Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”
19Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche #Nonb 15:38rebò vètman Li; 21paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab #Mat 14:36touche rebò vètman Li, m ap geri.”
22Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, #Mat 9:29fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.
23Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè #II Kwo 35:25moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a #Jn 11:13pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”
Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25Men #Trav 9:40lè foul la te soti deyò, Li te antre, #Mc 9:27pran men li, e fi a te vin leve. 26#Mat 4:24Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.
27Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras #Mat 1:1Fis a David la!” 28Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”
Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.
29Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt #Mat 8:13selon lafwa nou.” 30Epi zye yo te vin louvri. Jésus #Mat 8:4te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31Men yo te ale deyò e #Mat 4:24te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.
32E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li #Mat 12:22,24yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: #Mc 2:12“Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”
34Men Farizyen yo t ap di: #Mat 12:24“Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”
35Jésus t ap prale toupatou nan tout vil ak tout bouk yo. Li t ap #Mat 4:23enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap geri tout kalite maladi ak pwoblèm fizik. 36Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, #Nonb 27:17paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò. 37Konsa Li di a disip Li yo: #Luc 10:2“Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

Currently Selected:

Matthïeu 9: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in