YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 7

7
1 # Wo 14:10,13 “Pa jije pou nou menm pa vin jije. 2Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; #Mc 4:24pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. 3E poukisa nou #Wo 2:1gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? 4#Luc 6:42O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? 5Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a.
6 # Mat 15:26 “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso.
7 # Luc 11:9-13 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon moso pen, l ap bay li yon wòch? 10O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, #Sòm 84:11konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. 12#Luc 6:31Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske #Mat 22:40sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
13 # Luc 13:24 “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. 14Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l.
15 “Veye nou ak #Mat 24:11,24fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16Nou ap #Mat 7:20konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17Menm jan an, #Mat 12:33,35chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19#Mat 3:10Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20Konsa, nou ap konnen yo #Mat 7:16pa fwi yo.
21 # Luc 6:46 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22#Mat 25:11Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: #Sòm 6:8‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24 “Pou sa, # Mat 16:18 tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
28Lè Jésus te fin pale mo sa yo, #Mat 13:54foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.

Currently Selected:

Matthïeu 7: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in