YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 5

5
1Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2Li te #Mat 13:35louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
3 “Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
4 Beni se #És 61:2sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;
yo va konsole.
5 Beni se sila yo ki #Sòm 37:11enb;
yo va resevwa tout latè kòm eritaj.
6 Beni se #És 55:1-2sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;
yo va satisfè.
7 Beni se #Pwov 11:17sila yo ki bay mizerikòd;
yo va resevwa mizerikòd.
8 Beni se #Sòm 24:4sila yo ki gen kè pwòp nèt;
yo va wè Bondye.
9 Beni se sila yo ki fè lapè; #Mat 5:45
yo va rele yo fis Bondye.
10 Beni se sila yo ki te #I Pi 3:14pèsekite pou ladwati;
wayòm syèl la se pou yo.
11 “Beni se nou menm lè moun #I Pi 4:14ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske #II Kwo 36:16se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
13 “Nou se sèl latè; men #Mc 9:50si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se #Pwov 4:18limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15#Mc 4:21Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab #I Pi 2:12wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
17 “Pa panse ke Mwen te vini pou # Mc 7:12 aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18Paske vrèman Mwen di nou #Mat 24:35jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti #Mat 11:11nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la. 20Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la. 21Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: #Mat 10:2‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan #Det 16:18tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
23 “Pou sa, lè ou ap #Mat 5:24prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24kite ofrann ou an la devan lotèl a e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. 26Anverite Mwen di nou, #Luc 12:59nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
27 “Nou konn tande ke yo te di: # Egz 20:14 ‘Nou pa pou fè adiltè’; 28men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm #II Sam 11:25avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29 “Konsa, #Mat 18:9si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30#Mat 18:8Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
31 “Epi yo te konn di: #Det 24:1,3‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32#Mat 19:9Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: # Lev 19:12 ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34Men Mwen di nou: #Jc 5:12Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se #Det 23:3-6; És 66:1twòn Bondye li ye; 35ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se #Det 23:3-6; És 66:1Gran Vil a Gran Wa a. 36Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
38 “Nou konn tande ke yo konn di: #Egz 21:24‘Zye pou zye e dan pou dan’; 39men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si #I Kor 6:7nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42#Det 15:7-11Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44Men Mwen di nou: #Luc 6:27Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45pou nou kapab #Mat 5:9fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske #Luc 6:32 si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.” #Lev 19:2; I Jn 3:12

Currently Selected:

Matthïeu 5: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in