YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 17

17
1 # Mc 9:2-8 Sis jou pita, Jésus te pran #Mat 26:37Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo. 2Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè. 3Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.
4Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, #Mc 9:5m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”
5Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, #Mc 1:11yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”
6Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.
7Jésus te vin kote yo. Li te touche yo, e te di: “Leve, e #Mat 14:27pa pè.”
8Lè yo leve zye yo, yo pa t wè pèsòn sof ke Jésus ki te la pou kont Li.
9 # Mc 9:9-13 Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin #Mat 16:21leve soti nan lanmò.”
10Epi disip Li yo te mande L: “E poukisa Skrib yo toujou di ke #Mal 4:5Elie oblije vini avan?”
11Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay. 12Men Mwen di nou ke Elie te vini deja, e yo pa t rekonèt li, men yo te fè avè l sa ke yo te pito. Menm jan an, #Mat 8:20Fis a Lòm nan ap soufri nan men yo.”
13Konsa, disip yo te vin konprann ke Li t ap pale de Jean Baptiste.
14 # Mc 9:14-28 Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L: 15“Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon #Mat 4:24epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo. 16Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”
17Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!” 18Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.
19Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”
20Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: #Mat 21:2Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou. 21#Mc 9:29Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”
22 # Mc 9:30-32 Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm. 23#Mat 16:21Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.
24Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks #Egz 30:13drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”
25Li te reponn: “Wi”.
Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase #Wo 13:7tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”
26Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. 27Sepandan, pou nou pa #Mat 5:29-30ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”

Currently Selected:

Matthïeu 17: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in