YouVersion Logo
Search Icon

Matthïeu 13

13
1Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita #Mc 2:13bò kote lanmè a. 2Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi #Luc 5:3Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a. 3Li te pale anpil bagay avèk yo an #Mat 13:10parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn. 4Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo. 5Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè. 6Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen. 7Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo. 8Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye #Jen 26:12san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa. 9#Mat 11:15Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”
10Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
11Li te reponn yo: #Mat 19:11“A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt. 12#Mat 25:29Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 13Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap #Det 29:4gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann. 14Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di:
# És 16:9 ‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;
nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
15 # És 6:10 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.
Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;
otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
16 # Mat 16:17 “Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande. 17Anverite, Mwen di nou ke #Jn 8:56anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
18 “Pou sa, #Mc 4:13-20tande parabòl moun ki t ap simen an. 19Lè nenpòt moun tande #Mat 4:23pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. 20Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; 21men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit #Mat 11:6 li chite. 22Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk #Mat 19:23sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. 23Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, #Mat 13:8san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
24Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: #Mat 13:31,33,45,47“Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li. 25Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale. 26Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou. 27Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’
28 “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’
29 “Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou. 30Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men #Mat 3:12ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”
31Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: #Mat 13:24“Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li. 32Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin #Éz 17:23fè nich nan branch li yo.”
33Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: #Mat 13:24“Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
34Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo #Mc 4:34san parabòl. 35Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: #Sòm 78:2
“Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl;
Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”
36Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan #Mat 13:1kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: #Mat 15:15“Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
37Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se #Mat 8:20Fis a Lòm nan. 38Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki #Mat 8:12fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki #Jn 8:44fis a mechan an. 39Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se #Mat 16:4 fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan #Mat 12:32fen tan yo. 41#Mat 8:20Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42#Mat 13:50L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, #Mat 8:12y ap kriye e y ap manje dan yo. 43#Dan 12:3Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale #Mat 13:46vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
45 “Ankò, #Mat 13:24wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl. 46Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
47 “Ankò, #Mat 13:44 wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason. 48Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo. 49Konsa sa ap ye nan #Mat 13:39,40fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. 50Epi #Mat 13:42y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
51 “Èske nou konprann tout bagay sa yo?”
Yo reponn Li: “Wi”.
52Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”
53 # Mat 7:28 Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la. 54#Mc 6:1-6Li rive nan vil pa Li a, e Li te #Mat 4:23kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo? 55Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele #Mat 12:46manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas? 56Epi #Mc 6:3sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?” 57Konsa, yo te #Mat 11:6pran ofans de Li.
Men Jésus te di yo: #Mc 6:4“Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.” 58Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.

Currently Selected:

Matthïeu 13: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in