YouVersion Logo
Search Icon

Luc 21

21
1 # Mc 12:4-44 Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan. 2Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete #Mc 12:42de ti pyès monnen an kwiv. 3Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout; 4paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen #Mc 12:44pou l viv.”
5 # Mat 24 Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di: 6Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè #Luc 19:44p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.
7Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”
8Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: #Jn 8:24‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. #Luc 17:23Pa kouri dèyè yo. 9Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
10Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. 11Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la. 12Men avan tout bagay sa yo, #Mat 10:19-22yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen. 13#Phm 1:12Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou. 14#Luc 12:11Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15Paske #Luc 12:12Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti. 16Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. 18Men #Mat 10:30pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.
19 # Mat 19:22 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
20 Men lè nou wè Jérusalem #Luc 19:43antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre. 21Answit #Luc 17:31nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la. 22Paske jou sa yo se #És 63:4jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli. 23Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo #Dan 8:19twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a. 24Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va #Rev 11:2foule anba pye pa payen yo jiskaske #Wo 11:25tan payen yo fin acheve.
25 Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. 26Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle. 27Answit yo va wè #Dan 7:13Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa. 28Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, #Luc 18:7paske delivrans nou ap toupre.
29Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo. 30Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou va#Luc 12:57konnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a. 31Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke #Mat 3:2wayòm Bondye a toupre. 32Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive. 33#Mat 5:18Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.
34 # Mat 24:42-44 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. 35Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a. 36Men #Mc 13:33rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
37Alò pandan jounen an, Li t ap #Mat 26:55enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou #Mat 21:1mòn ki rele Olivye a. 38Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.

Currently Selected:

Luc 21: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in