YouVersion Logo
Search Icon

Luc 17

17
1Li te di a disip Li yo: #Mat 18:7“Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive! 2#Mat 18:6Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta fè youn nan pitit sa yo vin tonbe.
3 “Fè atansyon! # Mat 18:15 Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4Epi si li peche kont nou#Mat 18:21sèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”
5Alò, apòt yo te di: “Senyè, fè nou gen plis lafwa!”
6Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yon#Mat 13:31grenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.
7 “Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje? 8Men èske li p ap di li: #Luc 12:37‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’? 9Li p ap remèsye esklav la paske li te fè bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vrè?
10 “Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”
11Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, #Luc 9:52Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.
12Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te #Lev 13:45kanpe a yon distans te rankontre L. 13Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, #Luc 5:5Mèt, fè nou gras!”
14Lè Li te wè yo, Li te di yo: #Lev 14:1-32“Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.
15Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te #Mat 9:8bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.
17Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18Èske pa t gen youn ki te vire tounen pou#Mat 9:8bay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. #Mat 9:22Lafwa ou geri ou.”
20Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou #Luc 19:11kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè; 21ni yo p ap#Luc 17:23di: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.”
22Ankò Li te di a disip yo: #Mat 9:15“Jou yo ap vini lè nou va anvi wè youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap wè l. 23#Mat 24:23Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo.
24 # Mat 24:27 “Paske menm jan ak loray, lè l fè ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a. 25#Mat 16:21Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a.
26 # Mat 24:37-39 “Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo. 27“Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.
28 “Se te menm jan ke sa te rive nan # Jen 19 jou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.
29 “Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.
30 “Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nan # Mat 16:27 ap revele a. 31Nan jou sa a, sila a ki#Mat 24:17sou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.
32 # Jen 19:26 “Sonje madanm a Lot.
33 # Mat 10:39 “Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.
34 “Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete. 35Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete. 36De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”
37Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?”
E Li te di yo: “Kote#Mat 24:28kadav la ye, se la votou yo va rasanble.”

Currently Selected:

Luc 17: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in