YouVersion Logo
Search Icon

Luc 15

15
1Alò tout #Luc 5:29kolektè kontribisyon yo avèk pechè yo t ap vin toupre L pou koute Li. 2Ni Farizyen yo, ni skrib yo te kòmanse plenyen. Yo t ap di: “Mesye sa a resevwa pechè yo e #Mat 9:11manje avèk yo.”
3Donk Li te di yo parabòl sila a. Li te di: 4#Mat 18:12-14“Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l? 5E lè l twouve li, l ap mete l sou zepòl li, e l ap rejwi. 6Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’
7 “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.
8 “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l? 9Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’
10 “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa # Mat 10:32 nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”
11Ankò li di: “Yon sèten mesye te gen de fis; 12Pi jenn nan te di a papa li: ‘Papa, ban m#Det 21:17pati pa m nan eritaj ki tonbe pou mwen an.’ Donk, li te#Luc 15:30divize byen li pami yo.
13 “Pa anpil jou apre, pi jenn fis la te rasanble tout bagay pou te fè yon vwayaj nan yon peyi byen lwen, kote li te gaspiye tout eritaj li a nan yon vi banbòch. 14Alò, lè l te fin depanse tout, yon gwo grangou te parèt nan peyi sila a, e li te kòmanse vin nan bezwen. 15Donk, li te ale anplwaye tèt li a yon sitwayen nan peyi sila a, e li te voye li nan chan an pou bay kochon yo manje. 16Epi li te anvi plen vant li avèk po kochon yo t ap manje yo, e pèsòn pa t bay li anyen.
17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20Donk, li te leve, e te ale kote papa l.
“Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri # Jen 45:14 anbrase l e te bo li. 21Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.
22 “Men papa a te di a esklav li yo: ‘Fè vit pote # Za 3:4 pi bèl vètman ki genyen an, mete li sou li, e # Jen 41:42 mete yon bag nan men li ak soulye nan pye li. 23Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt. 24Paske konsa, fis mwen an te#Mat 8:22mouri; koulye a li vivan ankò. Li te pèdi, men mwen jwenn li ankò.’ Epi yo te kòmanse fè fèt la.
25 “Alò, pi gran fis la te nan chan an. Lè li te vin toupre kay la, li te tande mizik avèk moun k ap danse. 26Li te rele youn nan sèvitè yo, e te kòmanse fè ankèt pou mande kisa bagay sa yo ta kapab ye.
27 “Li te di li: ‘Frè ou a vini, e papa ou touye jenn ti bèf byen gra a, paske li rejwenn li ankò sen e sof.’
28 “Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
29 “Men li te reponn e te di a papa l: “Gade, pandan konbyen ane m ap sèvi ou, e mwen pa janm neglije yon lòd ou; men malgre sa, ou pa janm ban mwen yon kabrit pou m ta kapab fè fèt avèk zami mwen yo. 30Men lè fis sila a te vini, li menm ki devore#Pwov 29:3byen ou avèk pwostitiye yo, ou te touye ti bèf byen gra a, pou li.
31 “Papa a te di l: ‘Fis mwen, ou toujou avè m, e tout sa ke m gen se pou ou. 32Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa a#Luc 15:24te mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”

Currently Selected:

Luc 15: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in