YouVersion Logo
Search Icon

Jean 3

3
1Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele #Jn 7:50Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: #Mat 23:7“Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske #Jn 9:33Bondye avè L.”
3Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun #II Kor 5:7 ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
4Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
5Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6#Jn 1:13Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. 7Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ 8#Sòm 135:7Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”
9Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”
10Jésus te reponn: “Ou menm se #Luc 2:46Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo? 11Anverite, anverite, Mwen di ou, #Jn 1:18nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.
12 “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.
13 # Pwov 30:4 “Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
14 “Menm jan #Nonb 2:19 Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan #Jn 12:34 vin leve wo, 15pou nenpòt moun ki kwè #Jn 20:31nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16 “Paske Bondye te #Wo 5:8tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou #Luc 19:10jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a # Jn 1:18 sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke #Jn 1:4limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 # Jn 3:20-21 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21Men sila ki #I Jn 1:6aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
22Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap #Jn 4:1-2batize.
23Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize. 24Paske #Mat 4:12Jean potko jete nan prizon.
25Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè #Jn 2:6pirifikasyon. 26Yo te vin kote Jean pou di l, #Mat 23:7“Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
27Jean te reponn e te di: #I Kor 4:7“Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28Nou menm se temwen m lè mwen te di: #Jn 1:20-23‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
29“Sa ki genyen madanm maryaj la se #Mat 9:15jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
31 # Mat 28:18 Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
32Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li #Jn 3:11bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li. 33Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè. 34Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. #Mat 12:18Paske Li bay Lespri a san mezi.
35 # Mat 28:18 Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
36Sila ki #Jn 3:16kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.

Currently Selected:

Jean 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in