YouVersion Logo
Search Icon

Jean 17

17
1Jésus te pale bagay sa yo. Epi #Jn 11:41ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. #Jn 13:31Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kapab bay a Ou menm. 2Menm jan ke #Jn 3:35Ou te bay Li otorite sou tout chè, #Jn 10:28 a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.
3 “E sa se lavi etènèl, #Jn 5:44pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a. 4#Jn 13:31Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te #Jn 4:34acheve travay ke Ou ban M fè a.
5 “E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, #Jn 1:1avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.
6 “Mwen fè non Ou rekonèt a moun #Jn 6:37-39ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.
7 “Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm. 8Paske #Jn 12:49pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke #Jn 8:42Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.
9 # Luc 22:32 “Mwen mande anfavè yo. #Jn 17:20Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.
10 # Jn 16:15 “Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.
11 “Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non # Fil 2:9 ke Ou ban Mwen an, #Jn 17:2pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl. 12Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof #Jn 6:70fis pèdisyon an, pou #Jn 13:18Lekriti ta kapab akonpli.
13 “Men koulye a, # Jn 7:33 Mwen ap vini kote Ou. Konsa, # Jn 15:11 bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
14 “Mwen te bay yo pawòl Ou. E #Jn 15:19 lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 15Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont #Mat 5:37sila ki mechan an. 16#Jn 17:14Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 17#Jn 15:3Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
18 “Kon Ou te voye M nan lemonn nan, # Mat 10:5 Mwen osi voye yo nan lemonn. 19E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab #Jn 15:3vin sen nan laverite.
20 “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo. 21Pou yo tout kapab fè yon sèl. #Jn 10:38Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M. 22#Jn 1:14Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl. 23#Jn 10:38Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e #Jn 16:27te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
24 “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske #Mat 25:34Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
25 “O Papa # Jn 17:11 ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen. 26E #Jn 17:6Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou #Jn 15:9menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”

Currently Selected:

Jean 17: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in