YouVersion Logo
Search Icon

Jean 14

14
1 # Jn 14:27 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske #Jn 13:33-36M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, #Jn 14:18-28M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke #Jn 12:26kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
5 # Jn 11:16 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
6 Jésus te di li: “Mwen se #Jn 10:9 chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen. 7#Jn 10:9Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”
8 # Jn 1:43 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
9Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? #Jn 1:14Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10Èske ou pa kwè ke #Jn 1:14 Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?
# Jn 5:19 “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11Kwè Mwen, ke #Jn 10:38Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, #Jn 5:36kwè menm akoz zèv mwen yo.
12 “Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e #Jn 5:20pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.
13 “Konsa, #Mat 7:7nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14Si nou mande M nenpòt bagay #Jn 15:16nan non Mwen, M ap fè l.
15 # Jn 14:21-23 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt # Jn 7:39 konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17Sa se #Jn 15:26Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. #Jn 14:3-28M ap vin kote nou. 19Apre yon ti tan, #Jn 16:16-22lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. #Jn 6:57Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou. 20Nan jou sa nou ap konnen ke #Jn 10:38Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.
21 # Jn 14:15-23 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
22Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive #Trav 10:40-41 ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
23Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va #Jn 8:51 kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E #Jn 7:16pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, #Jn 16:13Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
27 # Jn 16:33 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske #Jn 10:29Papa a pi gran pase M. 29E koulye a #Jn 13:19Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
30 “Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske #Jn 12:31mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen. 31Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan #Jn 10:18Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l.
“Leve, annou kite isit la.”

Currently Selected:

Jean 14: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in