Ésaïe 43
43
1Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, #És 43:15Kreyatè ou a, O Jacob,
e Sila ki te fòme ou a, O Israël:
“Pa pè, paske Mwen te rachte ou.
Mwen te rele ou pa non ou.
Se pa M ou ye!
2Lè w ap #Sòm 66:12pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
3Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
Sila Ki Sen en Israël la, #És 19:20Sovè ou a.
Mwen te bay Égypte kon ranson ou
Cush ak Saba nan plas ou.
4Akoz ou #Egz 19:5-6presye nan zye M,
akoz ou gen gran valè
e Mwen renmen ou,
Mwen va bay lòt moun nan plas ou
e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
5Pa pè, paske #És 8:10Mwen avèk ou;
Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès
e ranmase ou nan lwès.
6Mwen va di a #És 8:10nò: ‘Lage yo!’
Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’
Mennen fis Mwen yo soti lwen
e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—
7tout moun ki rele pa non Mwen
e ke Mwen te #Sòm 100:3kreye pou glwa Mwen,
ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
8Mennen fè parèt pèp ki #És 6:9avèg la, malgre yo gen zye
e soud la, malgre yo gen zòrèy.
9Kite tout nasyon yo #És 34:1reyini ansanm
e tout pèp yo rasanble.
Kilès pami yo ki kapab deklare sa
e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo?
Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye,
oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.
10“Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a,
“Ak sèvitè ke M te chwazi;
pou nou ka konnen, kwè nan Mwen
e konprann ke #És 41:4Mwen se Li menm nan.
Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme
e apre Mwen, p ap gen menm.
11Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen #És 43:3sovè
apa de Mwen menm.
12Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame
e pat genyen #Det 32:16dye etranje pami nou.
Konsa, nou se temwen M”,
deklare SENYÈ a:
“Epi Mwen se Bondye.
13Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm
e #Sòm 50:22pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M;
Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
14Konsa pale SENYÈ a, #És 41:14Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo. 15Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, #És 43:1Kreyatè Israël la, Wa nou an.”
16Konsa pale SENYÈ a, ki #Egz 14:21-22fè yon wout sou lanmè a,
e yon chemen nan dlo pwisan yo,
17Ki mennen fè parèt #Egz 15:19cha avèk cheval la,
lame ak mesye pwisan a
(Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò;
yo te etenn tankou yon fisèl bouji):
18Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou,
ni reflechi sou bagay ki fin pase.
19Gade byen, Mwen va fè yon bagay #És 42:9tounèf;
koulye a, li va pete vin parèt.
Èske nou p ap rekonèt li?
Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè,
ak rivyè yo nan dezè a.
20Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm,
chen mawon nan chan yo ak otrich yo,
akoz Mwen te #És 41:17-18bay dlo nan savann nan
e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
21 #
És 43:1
Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
22Men ou pa t rele Mwen, O Jacob;
men ou te#Mi 6:3vin fatige ak Mwen, O Israël.
23Ou #Am 5:25pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo,
ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo,
ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo.
Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo,
ni fè ou fatige ak lansan.
24Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan,
ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo.
Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo.
Ou te #Sòm 95:10fatige M ak inikite ou yo.
25Mwen menm, Mwen se Sila ki #És 44:22efase transgresyon ou yo,
pou koz Mwen;
e Mwen p ap sonje peche ou yo.
26Mete M nan memwa ou.
#
És 1:18
Annou diskite ka nou ansanm.
Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
27 #
És 51:2
Premye zansèt ou yo te peche,
e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.
28Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp;
Mwen va fè Jacob yon malediksyon,
e Israël kon yon #Sòm 79:4repwòch.
Currently Selected:
Ésaïe 43: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith