YouVersion Logo
Search Icon

Osée 9

9
1 # És 22:12,13 Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo!
Paske ou te #Os 4:12fè pwostitisyon.
Ou te abandone Bondye ou a.
Ou te renmen salè kòb ki konn
ranmase sou nenpòt glasi vannen.
2Glasi vannen a ak pèz diven an #Os 2:9p ap nouri yo,
e diven nèf la va fè yo vin twonpe.
3Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a,
men Éphraïm va retounen an #Os 7:16Égypte,
e yo va manje #Éz 4:13 sa ki pa pwòp an Assyrie.
4Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a,
Ni yo p ap fè L plezi.
Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò.
Tout moun ki manje ladan va vin souye,
paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo.
Li p ap antre lakay SENYÈ a.#Jr 6:20; Ag 2:13,14
5 # És 10:3 Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a,
ak nan jou a fèt SENYÈ a?
6Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon,
Égypte va ranmase yo.
Moph va antere yo.
Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo.
Se bwa pikan k ap fè tant yo.
7Jou #És 10:3 pinisyon yo gen tan rive.
Jou #És 34:8jijman yo gen tan rive.
Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou,
moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli,
akoz inikite ou yo tèlman vin anpil,
e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.
8Yon pwofèt veye sou Éphraïm
avèk Bondye mwen an.
Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo,
e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.
9Yo antre tèt yo byen #És 31:6fon nan koripsyon,
tankou nan jou a Guibea yo.
Li va sonje #Os 7:2 inikite yo.
Li va pini peche yo.
10Mwen te twouve Israël
tankou #Mi 7:1 rezen yo nan dezè.
Mwen te wè papa zansèt nou yo
tankou #Jr 24:2premye fwi sou pye fig nan premye sezon li.
Men yo te rive kote Baal-Peor;
yo te konsakre tèt yo a gwo wont,
e yo te vin abominab menm jan
ak sila ke yo te renmen a.
11Pou Éphraïm #Os 4:7glwa yo va vole ale kon zwazo.
P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.
12Malgre yo leve pwòp pitit yo,
Mwen va prive yo de yo,
jiskaske pa gen yon moun ki rete.
Wi, anverite #Det 31:17 malè a yo menm, lè Mwen kite yo!
13Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la,
plante nan yon bèl chan;
men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.#Éz 26:1-21
14Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo?
Bay yo yon ti vant foskouch #Os 9:11 ak tete sèch.
15Tout mechanste yo se nan Guilgal;
Anverite se la Mwen te rayi yo!
Akoz #Os 4:9mechanste a zak yo,
Mwen va chase yo sòti lakay Mwen.
Mwen p ap renmen yo ankò;
tout prens yo se #És 1:23 rebèl.
16Éphraïm vin frape.
Rasin yo vin sèch.
Yo p ap bay fwi.
Menm si yo ka fè pitit,
Mwen va touye #Os 8:7; Éz 24:21 fwi byeneme a vant yo a.
17Bondye mwen an va jete yo deyò
akoz yo #Os 4:10pa t koute Li;
epi yo va #Os 7:13 vin vagabon pami nasyon yo.

Currently Selected:

Osée 9: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in