YouVersion Logo
Search Icon

Osée 8

8
1Mete twonpèt la sou lèv ou yo!
Yon bagay tankou malfini
vini kont lakay SENYÈ a;
akoz yo te transgrese akò Mwen an,
e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
2Yo va rele a Mwen menm:
‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
3Israël te rejte sa ki bon;
lènmi an va kouri dèyè l.
4Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm.
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm.
Ak #Os 2:8ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo,
jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
5Kite Samarie jete #Os 10:5jenn bèf li deyò!
Kòlè Mwen ap brile kont yo!
Pou konbyen de tan yo va rete
san kapasite pou pirifye?
6Paske, sa sòti menm an Israël!
Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye.
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.#Os 13:2
7Paske #Pwov 22:8yo simen van,
e yo rekòlte #És 66:15 toubiyon.
8Israël vin #II Wa 17:6vale nèt.
Koulye a, se pami nasyon yo ye;
tankou yon #Jr 22:28 veso ki pa bay plezi a okenn moun.
9Paske yo te monte #Os 7:11 Assyrie,
kon yon #Jr 2:24bourik mawon pou kont li.
Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
10Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo,
se koulye a, Mwen va ranmase yo.
Yo kòmanse vin #Jr 42:2febli akoz presyon
a #És 10:8 wa de sa yo ak pwisans.
11Akoz Éphraïm te #Os 10:1miltipliye lotèl pou fè peche yo,
Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
12Malgre sa #Det 4:6,8 Mwen te ekri pou li
règleman san fen de #Os 4:6Lalwa Mwen yo,
men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
13Pou sakrifis ofrann Mwen yo,
yo fè sakrifis vyann, e yo manje l.
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo.
Konsa, Li va #Jr 14:10 sonje inikite yo,
e #Os 4:9pini peche yo.
Yo va retounen an Egypte.
14Paske Israël te #Det 32:18 bliye Kreyatè li.
Li te #És 9:9,10bati palè yo.
Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo;
men Mwen va voye dife sou vil li yo,
e konsa, li va devore gwo palè li yo.

Currently Selected:

Osée 8: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in