YouVersion Logo
Search Icon

Osée 7

7
1Lè M #Éz 24:13 ta geri blesi Israël,
inikite a Éphraïm nan vin dekouvri,
ak mechanste a Samarie a tou;
paske yo aji nan #Os 4:2manti.
Vòlè a antre,
bandi yo atake pa deyò.
2Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen
# Sòm 25:7 Sonje tout mechanste yo.
Alò, zak yo ap antoure yo;
yo devan figi Mwen.
3 # Wo 1:32 Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan,
epi prens yo, ak #Os 4:2 manti yo.
4Yo tout se #Jr 9:2adiltè;
yo tankou yon fou la
ke bos boulanje sispann chofe,
depi nan lè l ap petri Pat farin nan,
jis rive lè pan an fin leve.
5Nan jou a wa nou an, prens yo
te fè tèt yo malad ak chalè diven an.
Li te lonje men li ak mokè yo.#És 28:1,7
6Paske kè yo vin tankou yon #Sòm 21:9fou
pandan y ap kouche tan moun.
Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit.
Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
7Yo tout cho tankou yon fou.
Yo manje #Os 13:10jij yo.
Tout wa yo fin tonbe.
# És 64:7 Nanpwen youn pami yo ki rele M.
8Éphraïm #Sòm 106:35mele li menm ak nasyon yo.
Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
9Etranje yo devore fòs li,
men li pa wè sa a.
Anplis, cheve blanch yo la sou li,
men li pa konnen.#És 1:7
10Malgre sa #Os 5:5 ògèy Israël la fè temwaye kont li,
# És 9:13 men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a.
Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
11Konsa, Éphraïm te vin tankou
yon toutrèl egare, #Os 4:6,11,14san bon sans.
Yo rele vè Egypte.
Yo ale #Os 5:13 Assyrie.
12Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo.
Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo.
Mwen va bay yo chatiman,
jan kongregasyon yo a te tande a.#Éz 12:13; Lev 26:14-39
13Malè a yo menm!
Paske yo te #Jr 14:10 gaye kite Mwen!
Destriksyon pou yo menm,
paske yo te fè rebèl kont Mwen!
Mwen #Jr 51:9ta rachte yo,
men yo fè manti kont Mwen.
14 # Job 35:9-11 Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo,
men yo rele fò sou kabann yo.
Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf.
Men yo #Os 13:16 vire kite Mwen.
15Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò,
malgre sa, yo #Na 1:9 fè konplo pou mal kont Mwen.
16Yo vire, men pa a Sila ki anwo a.
Yo tankou yon banza k ap twonpe moun.
Prens yo va tonbe devan nepe
akoz #Sòm 12:3,4; Éz 23:32ensolans a lang yo.
Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.

Currently Selected:

Osée 7: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in