YouVersion Logo
Search Icon

Osée 11

11
1Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;
epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.#Os 2:15
2Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.
Yo te kontinye #Os 2:13fè sakrifis bay Baal yo,
e #És 65:7 brile lansan bay zidòl yo.
3Malgre sa, se te Mwen
ki te montre Éphraïm jan pou l mache.
Nan bra M, Mwen te pran yo;
men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.
4Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,
ak lyann lanmou.
Konsa, #Lev 26:13; Egz 16:32Mwen te vini pou yo
kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.
Mwen te bese mete manje devan yo.
5Yo p ap retounen nan peyi Égypte,
men Wa Assyrie a va vin wa yo,
akoz yo te #Os 7:16 refize retounen kote Mwen.
6Nepe va tonbe kont vil yo,
pou kraze pòtay ak fè fòje yo,
e li va #Lam 2:9fè tout plan yo disparèt.
7Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou #Jr 3:6,7 vire kite Mwen.
Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a,
anverite, yo p ap egzalte.
8 # Os 6:4 Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm?
Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël?
Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma?
Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou #Jen 14:8Tseboïm?
Kè M vire nèt anndan M;
konpasyon Mwen vin anflame.
9Mwen #Det 13:17 p ap egzekite chalè kòlè Mwen;
Mwen p ap detwi Éphraïm ankò.
Paske #Nonb 23:19se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm;
Sila Ki Sen nan mitan nou an
e Mwen p ap antre nan kòlè.
10Yo va #Os 3:5mache dèyè SENYÈ a,
Li va gwonde kon yon lyon;
Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini,
ap #És 66:2,5 tranble soti nan lwès.
11Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte,
e kon toutrèl soti nan peyi #És 11:11; Éz 28:25,26Assyrie;
epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a.
12Éphraïm antoure Mwen ak #Os 4:2manti,
e lakay Israël ak desepsyon.
Men anplis, Juda toujou egare,
kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.

Currently Selected:

Osée 11: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in