YouVersion Logo
Search Icon

Jenèz 8

8
1E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, #Egz 14:21Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
2 # Jen 7:11 Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e #Jen 7:4-12lapli ki te sòti nan syèl la te sispann. 3Dlo a te bese ofiramezi sou tè a. E apre #Jen 7:24san-senkant jou, dlo a te vin mwens.
4Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la. 5Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.
6Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, Noé te ouvri #Jen 6:16fenèt lach la, ke li te fè a. 7Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a. 8Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a, 9men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.
10Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la. 11Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
12Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye #Jr 48:28 toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.
13Alò, li te vin rive ke nan #Jen 7:6sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch. 14Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch.
15Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di: 16Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. 17Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab #Jen 1:22-28 kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a.
18Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo. 19Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo.
20Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak #Jen 7:2bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.
21SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm #És 54:9modi tè a ankò akoz lòm, paske #Jen 6:5lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.
22“Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, #Sòm 74:17fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

Currently Selected:

Jenèz 8: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in