YouVersion Logo
Search Icon

Jenèz 4

4
1Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” 2Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi #Luc 11:50-51 Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
3Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4#Eb 11:5Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.
Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, 5men pou #I Sam 16:7 Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
6Alò, SENYÈ a te di a Cain: “#Jn 4:4Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? 7Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? #Nonb 32:23Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, #Job 11:14-15men ou oblije vin mèt li.”
8Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te #Mat 23:35 touye li.
9Alò, SENYÈ a te di a Cain: “#Jen 3:9Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
10Li te di: “Kisa ou te fè la a? #Nonb 35:33 Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11Koulye a #Jen 3:14ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12Depi koulye a, #Det 28:15-24lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
13Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! 14Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; #Det 28:64-67 mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e #Nonb 35:19 nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
15Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li #Jen 4:24sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. 16Konsa, Cain te sòti de prezans #II Wa 24:20 SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
17Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a. 18Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
19Lémec te pran pou li #Jen 2:24de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla. 20Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo. 21Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo. 22Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
23Lémec te di a madanm li yo:
“Ada avèk Tsilla, koute vwa m.
Nou menm ki madanm a Lémec yo;
byen okipe pawòl mwen.
# Egz 20:13 Paske mwen te touye yon mesye
akoz ke li blese m;
e yon gason akoz li frape m.
24Si Cain vanje #Jen 4:15sèt fwa,
alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
25Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, #Jen 4:8paske Cain te touye li”. 26Pou Seth, li menm, li te bay nesans a #Jen 3:9; Luc 3:38yon fis, epi li te rele non li Énosch.
Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.

Currently Selected:

Jenèz 4: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy