YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 45

45
1“‘“Anplis, lè ou #Nonb 34:13divize pa tiraj osò, peyi eritaj la, ou va ofri yon pòsyon a SENYÈ a, yon pòsyon sen nan tè a. Longè li va venn-senk-mil koude, e lajè li va ven-mil koude. Li va sen anndan toutozanviwon lizyè li yo. 2Sòti nan pòsyon sa a, va gen pou kote sen an, yon pòsyon #Éz 42:20senk-san koude pa senk-san koude, ak yon espas ouvri de senkant koude nan lajè ki antoure li. 3Soti kote sa a, ou va mezire yon longè venn-senk-mil koude ak yon lajè di-mil koude. Nan li, va gen sanktiyè a, kote ki sen pase tout kote a. 4Se va pòsyon ki sen nan peyi a. Li va pou prèt yo, sèvitè sanktiyè yo, ki te vin rapwoche pou fè sèvis SENYÈ a. Li va yon kote pou lakay yo e yon kote ki sen pou sanktiyè a. 5Yon kote #Éz 48:13venn-senk-mil koude nan longè e di-mil koude nan lajè va pou Levit yo, sèvitè kay yo ak posesyon pa yo, vil pou yo rete ladann.
6“‘“Ou va bay #Éz 48:15-18vil la yon pòsyon senk-mil koude nan lajè, ak venn-senk-mil koude nan longè, k ap akote pòsyon sen an. Sa va pou tout kay Israël la nèt.”
7“‘“Prens lan va gen tè a sou toude kote pòsyon sen an, ki pou vil la, akote espas sen an ak tè vil la, sou kote lwès vè lwès la, e sou kote lès vè lès la, ki koresponn nan longè a youn nan pòsyon a pòsyon yo, k ap sòti nan lizyè lwès peyi a, pou rive nan lizyè lès la. 8Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap #És 11:3-5oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”
9“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike #Jr 22:3lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a. 10“Ou va gen balans ki #Lev 19:36peze byen, yon mezi efa, ak yon mezi bat ki jis. 11Mezi efa a ak bat la va gen menm fòs, jiskaske yon mezi bat, gen yon dizyèm #És 5:10omè e yon mezi efa gen yon dizyèm omè; se selon omè yo va regle. 12#Egz 30:13Sekèl la va gen ven gera; ven sekèl, plis venn-senk sekèl, plis kenz sekèl va sèvi kon mezi min ou.”
13“‘“Men ofrann ke ou va ofri a: yon sizyèm efa soti nan yon omè ble; yon sizyèm efa soti nan yon omè lòj; 14Epi pòsyon lwil la jan li etabli a; yon dizyèm bat soti nan chak kò, (kò a tankou omè a, gen 10 bat). 15Epi yon mouton soti nan chak bann mouton ak de-san bèt ki soti kote ki awoze an Israël yo——pou yon #Éz 45:17ofrann sereyal, yon ofrann brile, ak ofrann lapè yo, pou fè ekspiyasyon pou yo”, deklare Senyè BONDYE a. 16#Egz 30:14-15“Tout pèp peyi a va bay ofrann sa a pou prens Israël la. 17Se va devwa #Éz 46:4-12prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”
18“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan premye mwa a, nan premye nan mwa a, ou va pran yon jenn towo #Lev 22:20san defo pou netwaye sanktiyè a. 19Prèt la va pran kèk nan san soti nan ofrann peche a pou mete li sou poto pòt yo, nan #Lev 16:18-20kat kwen ankadreman lotèl la ak sou poto pòtay la nan lakou enteryè a tanp lan. 20Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki #Lev 4:27vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.
21“‘“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, ou va fè #Egz 12:1-24Pak la, yon fèt pandan sèt jou; pen san ledven va manje. 22Nan jou sa a, prens lan va founi pou tèt li ak tout pèp peyi a, yon #Lev 4:14towo pou yon ofrann peche. 23Pandan #Lev 23:8sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche. 24Li va founi kon yon #Nonb 28:12-15ofrann sereyal, yon efa ak yon towo, yon efa ak yon belye, e yon mezi lwil ak yon efa.”
25“‘“Nan #Lev 23:33-43setyèm mwa a, nan kenzyèm jou a, nan fèt la, li va founi konsa, sèt jou pou ofrann peche a, ofrann brile a, ofrann sereyal la ak lwil la.”

Currently Selected:

Ézéchiel 45: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in