YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 41

41
1Epi li te fè m rive kote #Éz 41:21-23chanm gran asanble tanp lan, e li te mezire pilye akote yo: sis koude nan lajè nan chak kote, se te lajè a pilye akote a. 2Lajè a antre a, te dis koude e akote chak antre yo, te dis koude nan chak kote, epi akote antre a te senk koude de chak kote. Li te mezire longè a chanm gran asanble tanp lan, ki te #I Wa 6:2-17karant koude, e lajè a, ven koude.
3Konsa, li te antre #Éz 40:16anndan an e li te mezire chak pilye akote pòtay la, de koude, e pòtay la, sis koude nan wotè, epi lajè pòtay la, sèt koude. 4Li te mezire longè li, ven koude ak lajè li, ven koude, devan #I Wa 6:5chanm gran asanble a, e li te di mwen: “Sa a se lye ki pi sen an”.
5Li te mezire miray a tanp lan, sis koude; epi lajè a chanm akote yo, kat koude, toutotou kay la nan chak kote. 6#I Wa 6:5-10Chanm akote yo te nan twa etaj, youn anwo lòt, e trant nan chak etaj. Chanm akote yo te lonje rive nan miray ki te toupatou sou kote enteryè yo, pou yo ta ka twouve soutyèn, men pa tache nan miray a tanp lan li menm. 7Chanm akote ki te antoure tanp yo te vin pi laj nan chak nivo etaj yo. Akoz #I Wa 6:8konstriksyon ki te antoure tanp lan te monte pa etaj sou tout kote a tanp lan. Konsa, lajè a tanp lan te vin pi gwo pandan li t ap monte piwo. Konsa, yon moun ta monte soti nan pi ba etaj la pou rive nan piwo a pa yon pasaj nan dezyèm etaj la.
8Mwen te wè anplis ke kay la te gen yon plafon elve toutotou li. Fondasyon a chanm akote yo te yon bwa kann nèt de #Éz 40:5sis gran koude. 9Gwosè a miray eksteryè pou chanm akote yo te senk koude. #Éz 41:11Men espas lib antre chanm akote yo te apatyen a tanp lan. 10Antre #Éz 40:17chanm yo te yon espas de ven koude toutotou tanp lan nan tout akote yo. 11Pòtay a chanm akote yo vè #Éz 41:9espas lib la te yon sèl pòtay vè nò a ak yon lòt pòtay vè sid. Lajè a espas lib la te senk koude toutotou li.
12 # Éz 41:13-15 Konstriksyon ki te devan kote ki apa nan bò vè lwès la, te swasann-dis koude lajè; epi miray a konstriksyon an te senk koude nan gwosè nan toutotou li e longè li te katre-ven-dis koude.
13Konsa, li te mezire tanp lan, yon santèn koude nan longè a; epi #Éz 41:13-15kote apa a, konstriksyon an, ak miray li yo, te osi san koude nan longè. 14Anplis, lajè pa devan a tanp lan e lajè a kote apa yo avèk kote lès la, te vin fè total, san koude.
15Li te mezire longè a konstriksyon an avèk devan kote apa a dèyè li a, ak yon galri nan chak bò, san koude. Li te osi mezire enteryè a chanm gran asanble a, ak galri lakou yo, 16#És 6:4papòt yo, fenèt ak gri yo, ak galri ki antoure twa etaj yo ki anfas papòt la, te fèt ak pano anbwa toupatou soti atè jis rive nan fenèt yo, (men fenèt yo menm te kouvri), 17rive nan antre a, nan anndan kay la, nan deyò ak nan tout miray la toutotou li nèt, ni anndan ni deyò, te mezire. 18Li te grave ak #I Wa 6:29-35cheriben ak pye palmis; epi yon pye palmis te antre cheriben ak cheriben e chak cheriben te gen de figi, 19Figi a yon nonm vè pye palmis lan sou yon bò e figi a yon jenn lyon vè pye palmis lan sou lòtbò a. Yo te grave menm jan sou tout lakay toutotou li. 20Soti atè jis rive anwo, nan antre a, cheriben yo ak #Éz 41:18pye palmis yo te grave e sou miray a chanm gran asanble a tou.
21 # I Wa 6:33 Pilye pòt a chanm gran asanble a te an fòm kare. Epi devan sanktyè a, aparans a yon pilye pòt te menm ak lòt la. 22#Egz 30:1-3Lotèl la te fèt an bwa, twa koude nan wotè e longè a, de koude. Kwen li yo, baz li e akote li yo te an bwa. Epi li te di mwen: “Sa se tab ki devan SENYÈ a.” 23Gran chanm asanble a ak sanktyè a, yo chak te gen yon #I Wa 6:31-35pòt doub. 24Chak nan pòt yo te gen de fèy, #I Wa 6:34de fèy ki koube plwaye ouvri fèmen; de fèy pou yon pòt e de fèy pou lòt la. 25Anplis, te gen grave sou yo, sou pòt chanm gran asanble a, #Éz 41:18cheriben ak pye palmis yo tankou sila ki te grave sou miray yo. Epi te gen yon papòt an bwa devan galeri pa deyò. 26Te gen #Éz 41:16fenèt ak gri yo, ak pye palmis yo sou yon bò ak yon lòt, sou kote galeri yo. Se konsa chanm akote ak papòt kay yo te ye.

Currently Selected:

Ézéchiel 41: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in