YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 39

39
1“Epi #Éz 38:2ou menm, fis a lòm, pwofetize kont Gog pou di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog! Prens a Rosch, Méschec ak Tubal la. 2Epi Mwen va detounen ou, kontinye wout la, pran ou soti nan kote nò ki pi izole a pou mennen ou kont mòn Israël yo. 3Mwen va #Sòm 76:3frape banza ou jis li kite men goch ou, e fè flèch yo tonbe kite men dwat ou. 4Ou va #És 14:24-25tonbe sou mòn Israël yo, ou menm, tout sòlda ou yo ak moun ki avèk ou yo. Mwen va bay ou kon manje a tout kalite zwazo kanivò ak bèt nan chan. 5Ou va tonbe nan chan ouvri, paske se Mwen menm ki fin pale sa,” deklare Senyè BONDYE a. 6“Epi Mwen va voye dife sou Magog ak sila ki rete ansekirite nan il #Sòm 72:10kot lanmè yo, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
7“‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin #Egz 20:7pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la. 8Gade byen, sa ap vini e sa va fèt,” deklare Senyè BONDYE a. “Sa se jou nan sila Mwen te pale a.”
9“‘“Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va #És 66:24sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo. 10Yo p ap pran bwa nan chan, a ni sanble bwa dife ki soti nan forè yo, paske yo va fè dife ak zam yo. Epi yo va pran piyaj a sila ki te piyaje moun yo, e sezi #És 14:2piyaj a sila ki te fè piyaj yo,” deklare Senyè BONDYE a.
11“‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladan. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.
12“‘“Pandan sèt mwa, lakay Israël va fè antèman yo, pou #Det 21:23netwaye peyi a. 13Menm tout pèp peyi a, va fè antèman yo. Epi sa va fè yo renome pàtou nan jou sa a, pou pwop tèt Mwen ka resevwa glwa,” deklare Senyè BONDYE a.”
14“Yo va mete apa moun ki anplwaye nèt k ap pase nan peyi a. Sila yo k ap pase ap rive kote y ap #Jr 14:16antere sa yo ki rete sou sifas tè a, pou yo ka netwaye li. Nan fen sèt mwa yo, yo va fè yon rechèch pou twouve yo. 15Pandan sila k ap fè rechèch nan peyi yo ap pase, e nenpòt moun wè zo a yon moun, alò, li va mete yon makè akote l jiskaske ekip antèman an vin antere li nan Vale Moun Gog la. 16Pou sa, non vil la menm va Hamona. Konsa yo va netwaye peyi a.”
17“Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite #És 56:9zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen, ke M ap pral fè pou nou an, yon gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san. 18Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te #Jr 51:40belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo. 19Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an. 20Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak #Sòm 76:5-6cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’
21“Konsa, Mwen va mete #Egz 9:16glwa Mwen pami nasyon yo. Tout nasyon yo va wè jijman ke Mwen te egzekite ak men M, ke M te fè poze sou yo a. 22Epi lakay Israël va #Jr 24:7konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, depi jou sa a, pou rive ale nèt. 23Nasyon yo va konnen ke lakay Israël te antre an egzil akoz #Jr 22:8-9inikite yo. Akoz yo te aji kon trèt ak Mwen, Mwen te kache figi Mwen de yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men advèsè yo, e yo tout, te tonbe devan nepe. 24#II Wa 17:7Selon salte yo e selon transgresyon yo, Mwen te aji avèk yo, e Mwen te kache figi Mwen de yo.”
25“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va #És 27:12-13restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an. 26Yo va bliye wont yo ak tout trèt yo te konn fè kont Mwen yo, lè y ap #I Wa 4:25viv ansekirite nan pwòp peyi pa yo, lè okenn p ap fè yo pè. 27Lè Mwen #Éz 36:24mennen yo retounen soti nan lòt pèp yo, e rasanble yo soti nan peyi lènmi yo; nan lè sa a, Mwen va vin sanktifye de yo devan zye a anpil nasyon. 28Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye yo a, akoz mwen te fè yo antre an egzil pami nasyon yo, e alò, Mwen te rasanble yo ankò nan pwòp peyi yo. Epi Mwen p ap kite okenn nan yo kaptif ankò. 29Mwen p ap kache figi Mwen de yo ankò, paske M ap gen tan fin #És 32:15vide Lespri m sou lakay Israël,’ deklare Senyè BONDYE a.”

Currently Selected:

Ézéchiel 39: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in