YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 37

37
1Men SENYÈ a te sou mwen, Li te #Éz 8:3mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo. 2Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch. 3Li te di mwen: “Fis a lòm, #Éz 26:19èske zo sila yo kapab viv?”
Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”
4Ankò li te di mwen: #Éz 37:9-12 “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a. 5Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè #Jen 2:7souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan. 6Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va #És 49:23konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’” 7Konsa, mwen te pwofetize #Jr 13:5-7jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo. 8Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.
9Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e #Sòm 104:30soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”
10Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. #Rev 11:11Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.
11Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se #Jr 33:24tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’ 12Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou #Det 32:39fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël. 13Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an. 14Mwen va #És 32:15mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp teren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”
15Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di: 16“Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou #II Kwo 10:17Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’ 17Konsa, pou kont ou, fè yo #És 11:13vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”
18“Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm #Éz 12:9sa ou vle di ak sa yo?’ 19Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M. 20Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’ 21Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va #És 43:5-6pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo. 22Konsa, Mwen va fè yo vin #Jr 3:18yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò. 23Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, #Éz 36:28-29Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”
24“‘“Sèvitè Mwen an, #Jr 30:9David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo. 25Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi #És 11:1David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan. 26Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon #Sòm 89:3-4akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan. 27Anplis, #Jn 1:14abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen. 28Konsa, nasyon yo va konnen ke #Egz 31:13Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”

Currently Selected:

Ézéchiel 37: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in