YouVersion Logo
Search Icon

Ézéchiel 35

35
1Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: 2“Fis a lòm, mete figi ou kont #Jen 36:8Mòn Séir e pwofetize kont li. 3Di li:
‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir,
Mwen va lonje men M kont ou
pou fè ou vin yon #Jr 49:13-18dezolasyon ak yon dezè.
4Mwen va fè #Éz 6:6devaste vil ou yo
e ou va vin Yon dezolasyon.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
5“‘“Paske ou te gen #Sòm 137:7rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an. 6Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a #És 63:2-6san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou. 7Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladann li. 8Mwen va #És 34:5-6plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe. 9Mwen va fè ou vin yon #Jr 49:13dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
10“‘“Akoz ou te #Sòm 83:4-12di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la, 11Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou #Sòm 137:7selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou. 12Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin #Jr 50:7livre nan men nou pou manje nèt.’ 13Konsa, ou te #És 10:13-14pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.” 14Konsa pale Senyè BONDYE a: #És 44:23“Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon. 15Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se #Ab 15konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”

Currently Selected:

Ézéchiel 35: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in