YouVersion Logo
Search Icon

Daniel 6

6
1Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan. 2Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te #Dan 2:48,49Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufre okenn pèt. 3Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon #Dan 5:12,14lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou #Jen 41:40 tout wayòm nan.
4Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn #Dan 6:22 okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li. 5Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan #Trav 24:13-21 lalwa Bondye li a.”
6Alò, chèf sila yo ak satrap yo te antann yo pou te parèt devan wa a, e te pale avèk li konsa: “Wa Darius, viv jis pou tout tan!#Né 2:3 7Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te #Sòm 59:3fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe #Sòm 10:9 jete nan fòs lyon an. 8Alò, O wa, #Est 3:12; Est 1:19 fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.” 9Konsa Darius, wa a, te #Sòm 118:9 siyen dokiman an, ak dekrè a.
10Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou #Dan 9:4-19fè lapriyè, e #Sòm 34:1 bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an. 11Alò, mesye sila yo te reyini ansanm #Sòm 37:32-33 e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a. 12Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?”
Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon #Est 1:19 Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.”
13Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo #Est 3:8 pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.” 14Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li.
15Alò, mesye sila yo te rasanble ansanm devan wa a. Yo te di wa a: “Byen konprann, O wa, ke sa se yon #Est 8:8 lwa a Mèd ak Pès yo, ke okenn pwosè legal, ni dekrè ke wa a ta etabli, pa kapab chanje.”
16Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: #Job 5:19 “Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.”
17Yon #Lam 3:53 wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel. 18Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.#II Sam 12:16,17; Est 6:1
19Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an. 20Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske #Jen 18:14Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a #Dan 6:16,27 te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?”
21Konsa, Daniel te reponn a wa a: #Dan 2:4 “O wa, viv jis pou tout tan! 22Bondye mwen an #Sòm 91:11-13te voye zanj li. Li #Nonb 20:16te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
23Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te #I Kwo 5:20 mete konfyans nan Bondye li a.
24Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te #Det 19:18,19; Det 24:16 jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.
25Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a:
# Esd 4:17 “Ke lapè ou kapab vin miltipliye!
26Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la;
Paske Li se #Dan 4:34Bondye vivan an,
ki #Sòm 93:1,2dire jis pou tout tan an,
epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi.
Règn li an va jis pou tout tan.
27Li delivre e Li sove,
Li fè sign ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a.
Li menm ki te delivre Daniel soti nan pouvwa a lyon yo.”#Dan 4:2-3
28Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.#II Kwo 36:22

Currently Selected:

Daniel 6: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in