YouVersion Logo
Search Icon

Daniel 3

3
1Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon #I Wa 12:28 imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone. 2Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout #Dan 3:3-27 satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. 3Konsa, satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, majistra yo ak tout chèf an pwovens yo te rasanble pou seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a; epi yo te kanpe devan imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a.
4Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay #Dan 3:7 O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo, 5ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. 6Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon #Jr 29:22 founo dife byen cho.”
7Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.
8Pou rezon sa a, nan lè sa a, kèk Kaldeyen te vin parèt pou fè pwosè kont Jwif yo.#Éz 4:12-16 9Yo te pale e te di a Nebucadnetsar, wa a: #Dan 2:4 “O wa, viv jis pou tout tan! 10Ou menm, O wa, ou te #Est 3:12-14 fè yon dekrè ke tout moun ki tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, yo va pwostène pou adore imaj an lò a. 11Men nenpòt moun ki pa pwostène, va jete nan mitan a yon founo dife byen cho. 12Genyen sèten Jwif ke ou te #Dan 2:49 chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.”
13Epi Nebucadnetsar #Dan 2:12 byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a. 14Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi #És 46:1 dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a? 15Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit #Dan 3:6jete nan yon founo dife byen cho. Epi #Egz 5:2 ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?”
16 # Dan 1:7 Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. 17Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi #I Sam 17:37 Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. 18Men menm si li pa fè sa, #Eb 11:25 kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”
19Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak #Est 7:7 chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a. 20Li te kòmande sèten gèrye vanyan ki te nan lame li a pou mare Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, pou yo ta jete yo nan founo dife byen cho a. 21Alò, mesye sila yo te mare nèt ak #Dan 3:27 pantalon yo, mayo yo, kas yo, ak tout lòt rad pa yo, e yo te jete nan mitan founo dife byen cho a. 22Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te #Egz 12:33 byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo. 23Men twa mesye sila yo, #És 43:2Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te tonbe nan mitan founo dife byen cho a toujou mare.
24Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?”
Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”
25Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap #Sòm 91:3-9 mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!” 26Epi Nebucadnetsar te vin toupre pòt founo dife byen cho a. Li te pale e te di: “Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, vini deyò, sèvitè a #Dan 3:17Bondye Pi Wo a, e vini isit!”
Konsa, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego #Det 4:20 te sòti nan mitan dife a. 27Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.#És 43:2; Dan 3:21
28Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye #Sòm 34:7-8zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete #Sòm 22:4-5 konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a. 29Konsa, mwen #Dan 6:26fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske #Dan 2:47 nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”
30Answit, wa a te #Dan 2:49 fè Schadrac, Méschac ak Abed-Nego vin pwospere nan pwovens Babylone nan.

Currently Selected:

Daniel 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in