YouVersion Logo
Search Icon

Daniel 10

10
1Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. #Dan 8:26Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te #Dan 1:17 gen konprann vizyon an.
2Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn. 3Mwen #Dan 6:18 pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven nan pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
4Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran #Éz 1:3 rivyè a, ki se Hiddékel, 5mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm #Éz 9:2; Rev 1:13 abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz. 6Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, #Rev 1:14 zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.
7Alò, mwen menm, Daniel, mwen #II Wa 6:17-20 tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo. 8Konsa, mwen te #Jen 32:24rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, #Dan 7:28 pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt. 9Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te #Jen 15:12 tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt.
10Konsa, gade byen, yon men te #Jr 1:9 touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo. 11Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, #Dan 8:16,17konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. #Éz 2:1 Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.
12Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te #Dan 9:20-23 imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini #Trav 10:30,31akoz pawòl ou yo. 13Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen #Dan 10:21 Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo. 14Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan #Det 31:29; Dan 8:26 dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”
15Lè li te pale ak mwen konsènan pawòl sila yo, mwen te vire figi mwen vè tè a e mwen #Éz 3:26 pa t ka pale menm. 16Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te #És 6:7touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an #Dan 7:15,28 chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m. 17Paske #Egz 24:10-11 kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.”
18Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te #És 35:3-4 ban m fòs. 19Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, #Jij 6:23pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou vin vanyan!”
Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
20Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen #Dan 8:21 prens a Grèce la va vini. 21Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl #Dan 12:4 verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke #Dan 10:13 Micaël, prens ou an.

Currently Selected:

Daniel 10: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in