YouVersion Logo
Search Icon

Amos 5

5
1Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:#Jr 7:29
2Li fin tonbe, li p ap leve ankò—
# Jr 14:17 Vyèj Israël la.
Li kouche byen neglije sou tèren li;
# És 51:18 nanpwen moun ki pou leve l.
3Paske, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Vil ki te gen mil sòlda soti,
va gen #És 6:13 san ki rete,
e sila ki gen san ki ale yo,
va gen #Am 6:9dis ki rete pou lakay Israël.”
4Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël:
# Det 4:29 “Chache Mwen #És 55:3 pou nou ka viv.
5Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal,
ni travèse Beer-Schéba.
Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite
e gwo twoub va rive Béthel.#I Wa 12:28,29
6 # És 55:3,6,7 Chache SENYÈ a pou nou ka viv,
sinon Li va eklate kon #Det 4:24dife
nan lakay Joseph,
e li va devore san pa gen okenn moun
ki pou etenn li Béthel.
7Nou menm ki fè #Am 2:3jistis vin tounen lanvè,
e ki jete ladwati rive jis atè yo,
8Chache Li ki te kreye #Job 9:9 Pléiades ak Orion yo,
ki #Job 12:22chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten,
ki etenn lajounen pou fè lannwit,
ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a;
SENYÈ a, se non L.
9Se Li menm ki jayi ak destriksyon
sou moun pwisan yo,
jiskaske #Mi 5:11 destriksyon sa a rive sou sitadèl la.
10Yo rayi sila k ap #És 29:21reprimande nan pòtay la
ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
11Konsa, akoz nou foule malere a,
e egzije taks nan blè sou li,
akoz nou fin bati bèl #Am 3:15kay ak wòch byen taye,
malgre nou pa menm rete nan yo,
konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo,
men nou #Mi 6:15 p ap bwè diven yo.
12Paske Mwen konnen transgresyon nou yo
vin anpil e peche nou yo vin gran;
nou menm ki #És 1:23boulvèse moun dwat yo,
ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo,
e ki detounen malere a nan pòtay la.
13Alò nan yon tan konsa,
sila ki saj la oblije rete an silans,
paske tan an vin plen ak mechanste.#Ekl 3:7
14Chache sa ki bon e pa sa ki mal,
pou nou ka viv;
epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,
jis jan nou te pale a!#Mi 3:11
15Rayi mal e renmen sa ki bon,
e etabli jistis nan pòtay la!
Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo
ka fè gras a retay Joseph la.”#Sòm 97:10
16Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di :
“Va gen gwo lamantasyon tout kote
e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’
Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy,
yo va peye moun pou l fè lamantasyon.#Jr 9:10,18-20
17Epi nan #És 16:10 tout chan rezen yo, va gen gwo kri,
paske Mwen va pase nan mitan nou”,
di SENYÈ a.
18Elas pou nou menm ki anvi wè #És 5:19jou SENYÈ a!
Pouki sa nou lanvi we jou SENYÈ a?
Li va yon jou #Jl 2:2 tenèb olye limyè.
19Tankou lè yon nonm #Job 20:24kouri kite yon lyon pou l
rakontre yon lous;
oswa pou l rive lakay li,
apiye men l sou mi kay la,
pou yon koulèv vin mòde l.
20Èske jou SENYÈ a p ap yon jou #És 13:10 tenèb
olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann?
21Mwen rayi, Mwen va #És 1:11-16; Lev 26:31refize aksepte fèt nou yo,
ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.
22Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,
Mwen p ap aksepte yo;
ni Mwen p ap menm gade #Lev 7:11-15ofrann lapè a
bèt gra nou yo.
23Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;
Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.
24Men kite jistis koule desann tankou dlo,
e ladwati tankou yon gwo larivyè,
25 # Det 32:17 Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? 26Anplis #Trav 7:43 nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo. 27“Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.

Currently Selected:

Amos 5: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in