YouVersion Logo
Search Icon

Travay 9

9
1 # Trav 9:1-22 Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la. 2Li te mande li bay li #Trav 9:14,21lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem.
3Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi #I Kwo 15:8sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li. 4#Trav 22:7Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?”
5Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?”
Li te di: “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. 6Men leve, antre nan vil la, e #Trav 9:16ou va tande kisa ou dwe fè.”
7Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo #Jn 12:29te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn.
8Saul te leve atè a, e #Trav 9:18malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas. 9Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.
10Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele #Trav 22:12Ananias. Senyè a te di l #Trav 10:3,17,19nan yon vizyon: “Ananias!”
Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
11Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye #Trav 9:30Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. 12Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou #Mc 5:23poze men l sou li, pou l wè ankò.”
13Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; #Trav 8:3kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem. 14Isit la menm, li #Trav 9:2,21gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki #Trav 7:59rele Non Ou yo.”
15Men Senyè a te di li: “Ale paske #Trav 13:2li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo. 16Paske #Trav 20:23Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”
17Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin #Trav 2:4poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”
18Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize. 19Li te pran manje e te reprann fòs li.
Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo. 20Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus #Trav 13:5nan sinagòg yo e t ap di: “Li se #Trav 13:33Fis Bondye a”.
21Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te #Trav 8:3detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?”
22Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.
23#Gal 1:17,18anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li, 24men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò.
25Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen.
26Konsa, #Trav 22:17-20lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip.
27Men #Trav 4:36Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus.
28Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem. 29Li t ap #Trav 4:13,29pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk #Trav 6:1Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò. 30Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann #Trav 8:40Césarée, e #Gal 1:21te voye li ale Tarse.
31Donk #Trav 5:11legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
32Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote #Trav 9:13fidèl ki te rete nan Lydde yo. 33La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.
34Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.
35Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire #Trav 2:47vè Senyè a.
36Alò, nan #Jos 19:46Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. 37Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. 38Lydde te toupre Joppé, e #Trav 11:26disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!
39Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan #Trav 1:13chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.
40Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: #Mc 5:41“Tabitha, leve.”
Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.
41Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout #Trav 9:13,32fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.
42Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, e#Trav 9:35anpil moun te kwè nan Senyè a.
43Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon #Trav 10:6bòs tanè ke yo rele Simon.

Currently Selected:

Travay 9: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in