YouVersion Logo
Search Icon

Travay 8

8
1Saul te fin dakò nèt ak lanmò li.
Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo. 2Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li.
3Men #Trav 9:1,13,21Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
4Konsa #Trav 8:1sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
5 # Trav 6 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
6Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te #Mat 4:24paralize e bwate te geri. 8Donk, te gen #Jn 4:40-42anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
9Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike #Trav 8:11maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: #Trav 14:11“Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” 11Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk #Trav 8:9metye maji sila a.
12Men lè yo te kwè Philippe ki t ap #Trav 1:3preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil #Trav 8:6sign ak #Trav 19:11mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
14Alò, lè #Trav 8:1apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye #Luc 22:8Pierre avèk Jean bay yo. 15Lè yo te vin desann, yo te priye #Trav 2:38pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16Paske Li #Mat 28:19potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17Alò, yo te #Trav 6:6mete men sou yo, epi yo te #Trav 2:4resevwa Lespri Sen an.
18Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab #II Wa 5:16vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21Ou pa gen #Det 10:9ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, #És 55:7si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e #És 58:6mare nan inikite.”
24Men Simon te reponn e te di: #Jen 20:7“Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
25Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale #Trav 13:12pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te #Trav 8:40preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.
26Men #Trav 5:19yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)
27Konsa, li te leve ale, epi konsa, #Sòm 68:31te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e #I Wa 8:41te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.
29Alò #Trav 8:39Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.
30Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
32Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:
# És 53:7 “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa.
Kon yon jenn mouton an silans
devan sa k ap taye lenn sou do l,
li pa t louvri bouch li.
33 # És 53:8 Nan imilyasyon, jistis li te rachte.
Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la?
Paske vi Li retire sou tè a.”
34Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
35Alò, Philippe te louvri bouch li e te #Luc 24:27kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
36Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: #Trav 10:47“Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.
39Lè yo te sòti nan dlo a, #I Wa 18:12Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.
40Men Philippe te twouve li menm nan #Jos 11:22Azot. Pandan li t ap travèse, li te #Trav 8:25kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

Currently Selected:

Travay 8: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in