YouVersion Logo
Search Icon

Travay 7

7
1Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vrè?”
2Li te di: “Koute m #Jn 8:42frè m yo ak #Jen 11:31ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran. 3E Li te di li: #Jen 12:1“Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”.
4 # Jen 11:31 Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. #Jen 12:4,5Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a. 5Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, #Jen 12:7Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
6Men #Jen 13:15Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane. 7“Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, #Egz 3:12epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”
8Li #Jen 17:10te bay li akò sikonsizyon an, epi #Jen 21:2-4Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.
9Patriyach yo #Jen 37:11,28te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li 10e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li #Jen 39:21te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.
11Alò #Jen 41:54yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje. 12Men #Jen 42:2lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.
13Nan dezyèm vizit la #Jen 45:1-4Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, e#Jen 45:16fanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon. 14Alò #Jen 45:9,10,17,18Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou.
15Konsa, #Jen 46:1-7Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la. 16Depi la kò yo te deplase retounen nan #Jen 23:16Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor an Sichem yo.
17Men pandan #Jen 15:13tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche #Egz 1:7pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte, 18jiskaske #Egz 1:8Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph. 19Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab #Egz 1:22fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.
20Se te nan tan sila a ke #Egz 2:2Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li. 21Epi lè l te abandonen, fi #Egz 2:5Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li. 22Moïse te enstwi nan tout #I Wa 4:30konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.
23Men lè l t ap pwoche laj karant ane, #Egz 2:1sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.
24Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an. 25Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann.
26 # Egz 2:1 “Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’
27“Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: #Egz 2:14‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou? 28#Egz 2:14Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’
29“Akoz pawòl sila a #Egz 2:15,22Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.
30“Apre karant ane te pase, #Egz 3:1Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa. 31Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li: 32#Egz 3:6‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade.
33 # Egz 3:5 “Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen. 34#Egz 3:7Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’
35“Menm Moïse sila a ke yo te #Egz 2:14rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a. 36#Egz 12:41Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè #Egz 7:3mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a. 37Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: #Det 18:15,18‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’
38“Sa se li menm ki te nan #Egz 19:17asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa #Det 32:47pawòl vivan yo pou pase bannou.
39“Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te #Nonb 14:3rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte. 40#Egz 32:1,23Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’ 41Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan #Rev 19:20zèv a pwòp men yo.
42“Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo:
# Am 5:25 ‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri
ofrann ak sakrifis
karant ane nan dezè a, O lakay Israël.
43 # Am 5:26,27 Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la,
ak zetwal a dye Remphan an;
imaj ke nou te fè pou adore yo.
Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’
44“Zansèt nou yo te gen #Egz 25:8-9tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou #Egz 25:40fè, selon modèl ke li te wè a.
45“Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te #Det 32:49pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la. 46#II Sam 7:8David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite. 47Men se te #I Wa 6:1-38Salomon ki te bati yon kay pou Li.
48“Poutan #Luc 1:32Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:
49 # És 66:2 ‘Syèl la se twòn Mwen,
E tè a se ban pou pye Mwen.
Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’
‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
50Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’
51“Nou menm, ki se moun #Egz 32:9kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. 52#II Kwo 36:1Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke #Trav 3:14Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. 53Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon #Det 33:2òdonans pa zanj yo, te vyole li.”
54Alò, lè yo te tande sa, yo te #Trav 5:33blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.
55Men #Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye. 56Li te di: “Gade byen, Mwen wè #Jn 1:51syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”
57Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58e lè yo te fin pouse li #Lev 24:14-16deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te #Trav 22:20depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.
59Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te #Trav 9:21rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60Konsa, #Luc 22:41li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.

Currently Selected:

Travay 7: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in