YouVersion Logo
Search Icon

Travay 6

6
1Alò nan lè sa a pandan #Trav 11:26disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a #Trav 9:29Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.
2Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. 3Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon #Trav 2:4ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4Men nou menm nou va #Trav 1:14dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”
5Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi #Trav 6:8Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. 6Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin #Trav 1:24fè lapriyè, yo te #Nonb 8:10poze men sou yo.
7Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a #Trav 13:8lafwa a.
8Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè #Jn 4:48mèvèy ak mirak pami pèp la.
9Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun #Mat 27:32Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne. 10Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.
11Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.
12Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te #Luc 20:1sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la. 13Yo te mete devan #Mat 26:59-61fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont #Mat 24:15lye sakre sila a, ak Lalwa. 14Paske nou konn tande li di ke #Mat 26:61Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”
15Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.

Currently Selected:

Travay 6: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in