YouVersion Logo
Search Icon

Travay 5

5
1Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon moso tè. 2Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te #Trav 4:35,37mete l nan pye apòt yo.
3Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa #Mat 4:10Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men #Trav 5:3,9a Bondye.”
5Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon #Trav 2:43gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
6Jennjan yo te leve li, #Jn 19:40vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l.
7Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre.
8Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou #Trav 5:2yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”.
9Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou #Trav 15:10tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.”
10Konsa #Éz 11:13li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li.
11Yon #Trav 2:43gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
12Pa men apòt yo, anpil sign ak mirak te fèt pami pèp la, e yo tout te an akò nan Galri Salomon an.
13Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men #Trav 2:47pèp la te bay yo lwanj. 14Konsa, anpil #II Kwo 6:15kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo. 15Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou #Trav 19:12menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.
16Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.
17Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di #Mat 3:7Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil. 18Yo te mete men sou apòt yo, e te #Trav 4:3mete yo nan yon prizon piblik.
19Men #Mat 1:20,24yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di: 20“Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan #Jn 6:63,68tout pawòl lavi a.”
21Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi.
Men lè#Trav 4:6wo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.
22Men lè #Mat 26:58jandam yo te vini, yo te twouve ke yo pa t nan prizon an. Konsa yo te retounen pou te bay rapò a. 23Yo te di: “Nou te twouve prizon an byen fèmen e byen sere avèk gad yo ki te kanpe devan pòt la, men lè nou te louvri li, nou pa twouve pèsòn ladann.”
24Lè wo prèt la avèk #Trav 4:1kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive.
25Men yon moun te vin di yo: “Gade, mesye sa yo ke nou te mete nan prizon an kanpe nan tanp lan e y ap enstwi pèp la.”
26Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske #Trav 4:21yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.
27Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan #Mat 5:22konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. 28Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou #Mat 23:35gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.
29Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: #Trav 4:19“Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30#Trav 3:13Bondye a zansèt nou yo #Trav 2:24te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31#Trav 2:33Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon #Luc 2:11Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32Nou te #Luc 24:48temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”
33Lè yo te tande sa, yo te #Trav 2:37byen blese, e te fè plan pou touye yo.
34Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele #Trav 22:3Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.
35Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo, 36Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te #Trav 8:9yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen.
37“Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou #Luc 2:2resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.
38“Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a #Mc 11:30sòti nan lòm, li va boulvèse. 39Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap #Pwov 21:30goumen kont Bondye menm.”
40Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te #Mat 10:17bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo.
41Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap #I Pi 4:14,16rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri #Jn 15:21pou non Li.
42 # Trav 2:46 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.

Currently Selected:

Travay 5: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in