YouVersion Logo
Search Icon

Travay 4

4
1Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk #Mc 12:18Sadiseyen yo te rive kote yo. 2Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame #Trav 3:15nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. 3Yo te mete men sou yo, e te #Trav 5:18mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. 4Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e #Trav 2:41fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
5Nan landemen, #Luc 23:13chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. 6#Luc 3:2Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. 7Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
8Alò, Pierre #Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9Si nou parèt devan tribinal jodi a pou #Trav 3:7benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke #Trav 2:22pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11‘Se Li menm ki #Sòm 118:22wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
12“Konsa, pa gen sali nan #Mat 1:21okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
13Alò, lè yo te wè #Trav 4:31konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo #Jn 7:15te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. 14Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.
15Men lè yo fin mande yo #Mat 5:22kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. 16Yo te di: “Alò #Jn 11:47kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke #Trav 3:7-10yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.
17“Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun #Jn 15:21nan non sila a.” 18Yo te rele yo, e te #Trav 5:28kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: #Trav 5:28“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20Paske #I Kwo 9:16nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
21Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e #Trav 5:26akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap #Mat 9:8bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. 22Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.
23Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te #Egz 20:11fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25ki #Trav 1:16pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:
# Sòm 2:1 ‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;
e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?
26 # Sòm 2:2 Wa sou latè yo ap pran pòz yo
e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a
ak kont Kris Li a.’
27“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont #Trav 3:13sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak #Trav 2:23volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo #Fil 1:14pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon #Jn 4:48sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
31Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te #Trav 2:4ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te #Fil 1:14pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
32Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men #Trav 2:44tout bagay te pou tout moun. 33#Trav 1:8Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo #Mat 19:21te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35pou #Trav 4:37mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo #Trav 2:45te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
36Joseph, yon Levit ki te ne an #Trav 13:4Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis #Trav 11:23Ankourajman an 37te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.

Currently Selected:

Travay 4: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in