YouVersion Logo
Search Icon

Travay 24

24
1Apre senk jou wo prèt la #Trav 23:2Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a. 2Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a, 3nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou #Trav 23:26trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans. 4Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.
5“Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil #Trav 15:5sèkt a Nazareyen yo. 6Li te menm eseye #Trav 21:28souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li. 7Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou.
8“Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.”
9 # I Tes 2:16 Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vrè.
10#Trav 23:24gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen. 11Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan #Trav 21:18,27douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore. 12#Trav 25:8Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni #Trav 24:18koze okenn boulvèsman. 13#Trav 25:7Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.
14“Men sa mwen admèt a nou, ke selon #Trav 9:2Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vrè ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo. 15Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke #Dan 12:12moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo. 16Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou #Trav 23:1kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.
17“Alò, apre plizyè ane, mwen #Trav 11:29te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann m. 18Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja #Trav 21:26pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie— 19ki ta dwe prezan devan ou pou #Trav 23:30fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen. 20Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan #Mat 5:22konsèy la, 21ot ke sèl pawòl sa a ke m te #Trav 23:6rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’”
22Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de #Trav 24:14Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”. 23Answit Li te bay lòd a santenye a pou l #Trav 23:35retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan #Trav 23:16zanmi li yo sèvi li.
24Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou #Trav 20:21lafwa nan Jésus Kri a. 25Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak #Trav 10:42jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.” 26Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta #Trav 24:17bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.
27Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.

Currently Selected:

Travay 24: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in