YouVersion Logo
Search Icon

Travay 19

19
1Li te rive pandan ke #I Kwo 1:12Apollos te Corinthe, Paul te travèse #Trav 18:23peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip. 2Li te mande yo: #Trav 8:15“Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?”
Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”
3Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?”
Yo te reponn: #Luc 7:29“Nan batèm a Jean an”.
4Konsa, Paul te di: #Mat 3:11“Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.” 5Lè yo te tande sa, yo te #Trav 8:12,16batize nan non Senyè a Jésus Kri. 6Pandan Paul te #Trav 8:17poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse #Trav 2:4pale avèk lang ak pwofetize. 7Te gen an tou, anviwon douz mesye.
8Paul te antre nan #Trav 9:20sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè #Trav 1:3selon wayòm Bondye a.
9Men lè #Trav 14:4kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de #Trav 9:2Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la. 10Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an #Trav 16:6Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif.
11Bondye t ap fè mirak #Trav 8:13ekstrawòdinè pa men Paul 12#Trav 5:5jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.
13Men osi kèk nan Jwif #Mat 12:27ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” 14Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.
15Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”
16Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.
17Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete #Trav 18:19Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.
18Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil #Luc 15:8pyès dajan. 20Konsa pawòl Senyè a #Trav 6:7t ap grandi ak pwisans, e t ap renye.
21Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou #Trav 20:16ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la #Trav 23:11mwen dwe wè Rome tou.” 22Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye #Trav 16:1Timothée ak #Wo 16:23Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.
23Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.
24Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè #Trav 16:16,19kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a. 25Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a. 26Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke #Det 4:28dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm. 27Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak #Mat 24:14lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”
28Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis #Trav 18:19Efezyen yo!” 29Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak #Trav 20:4Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.
30Lè Paul te vle antre nan asanble a, #Trav 19:19disip yo te anpeche li. 31Anplis, kèk nan ofisye Lazi ki te zanmi li yo te voye di l plizyè fwa pou l pa antre nan teyat la.
32 # Trav 21:34 Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan.
33Jwif yo te mennen Alexander devan foul a. Li t ap #Trav 12:17fè sinyal avèk men l, konsi li t ap prezante yon defans a foul la. 34Men lè yo te vin konprann ke se te yon Jwif li te ye, yon gwo kri te leve pami foul la. Yo te kontinye rele pandan anviwon dezè de tan: “Gran se Artimis a Efezyen yo!”
35Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye #Trav 18:19Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la? 36Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj. 37Paske nou fè mesye sila yo vini isit la, ki pa ni #Wo 2:22vòlè tanp lan, ni yo pa blasfeme deyès nou an. 38Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e #Trav 13:7pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.
39“Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la. 40Paske vrèman, nou an danje akizasyon de soulèvman akoz sa ki pase la jodi a. Nanpwen rezon pou li. Konsa, nou p ap kapab rann kont pou asanble a ki an dezòd konsa.” 41Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a.

Currently Selected:

Travay 19: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in