YouVersion Logo
Search Icon

Travay 11

11
1Alò, apòt yo ak #Trav 1:15frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a. 2Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, #Trav 10:45sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li. 3Yo t ap di: #Mat 9:11“Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.”
4Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a #Luc 1:3nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di: 5#Trav 10:9-32“Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen. 6Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo. 7Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: ‘Leve Pierre; touye e manje.’
8“Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’
9“Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: #Trav 10:15‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’ 10Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la.
11“Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a.
12“Lespri a te di m ale avèk yo #Trav 15:9san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a.
13“Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la. 14Li va pale nou #Trav 10:22pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk #Jn 4:53tout lakay nou.’
15“Epi lè mwen te kòmanse pale #Trav 10:44Lespri Sen an te vin tonbe sou yo #Trav 2:4menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: #Trav 1:5‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’
17“Donk, si #Trav 10:45,47Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”
18Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, #II Kwo 7:10repantans ki mennen a lavi a.”
19 # Trav 8:1,4 Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman.
20Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap #Trav 5:42preche Senyè Jésus a.
21 # Luc 1:66 Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
22Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye #Trav 4:36Barnabas Antioche.
23Konsa, lè l rive, e te wè #Trav 13:43gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a. 24Paske li te yon bon moun. Li te #Trav 2:4ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyonen a Senyè a.
25Barnabas te kite #Trav 9:11Tarse pou ale jwenn Saul. 26Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun.
Disip yo te premyèman rele #Trav 26:28“Kretyen” la a, nan Antioche.
27Alò nan tan sa a, #Luc 11:49kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche.
28Youn nan yo ke yo te rele #Trav 21:10Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.
29Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a #Trav 11:1frè yo nan Judée. 30#Trav 12:25Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo.

Currently Selected:

Travay 11: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in