II Timothée 3
3
1Men konprann sa, ke #I Tim 4:1nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo #Luc 16:14renmen lajan, #Wo 1:30ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3#Wo 1:31san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan #I Tim 3:11san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5k ap kenbe yon fòm #I Tim 3:6sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
Evite moun konsa yo. 6Paske pami yo menm, gen moun ki #Jd 1:4antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa #Tit 3:3move lanvi de tout kalite, 7k ap toujou aprann e ki pa janm #II Tim 2:25rive a konesans verite a.
8Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; #I Tim 6:5lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
9Men yo p ap fè plis pwogrè, paske #Luc 6:11foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
10Alò, ou te #I Tim 4:6swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans #I Tim 6:11lanmou, pèseverans 11#II Kor 11:23-27pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. #Wo 15:31A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus #Jn 15:20va pèsekite.
13Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal #Tit 3:3nan twonpe moun ak vin twonpe.
14Sepandan, ou menm #Tit 1:13kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15Depi timoun, ou te konnen #Jn 5:47Lekriti sakre yo, ki kapab #Sòm 119:98bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 #
Wo 4:23
Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen #II Tim 2:21prepare pou tout bon zèv.
Currently Selected:
II Timothée 3: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith