YouVersion Logo
Search Icon

Wòm 9

9
Bondye ak pèp Jwif la
1Mwen se moun Jezikris, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: 2Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès 3pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. 4Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. 5Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi#9:5 Mesi Literalman, “Kris”, yon tradiksyon Grèk pou mo Ebre “Mesi”. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo. a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
6Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre. 7Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”#Jen 21:12. 8Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram. 9Men ki pwomès Bondye te fè: “Lane pwochèn, nan menm epòk sa a, m ap retounen epi Sara ap gen yon pitit gason.”#Jen 18:10, 14.
10Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. 11-12Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”#Jen 25:23. Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm. 13Jan Bib la di sa: “M renmen Jakòb, men m rayi Ezayi.”#Mal 1:2-3.
14Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou! 15Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.”#Egz 33:19. 16Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle. 17Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”#Egz 9:16. 18Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.
19Kounye a, youn nan nou ta ka mande: “Enben, pou kisa Bondye ap blame nou pou zafè peche ankò? Paske, ki moun ki ka kenbe tèt ak Bondye?” 20Men, kisa w ye ou menm pou w ap kenbe tèt ak Bondye? Èske yon asyèt an ajil ka mande moun ki fè l la: “Pou kisa ou fè m konsa?” 21Èske moun ki fè po flè a pa ka fè sa l vle ak tè ajil la? Èske l pa ka fè yon bèl asyèt an ajil ak menm tè sa pou okazyon espesyal, epi yon lòt asyèt òdinè?
22Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri. 23Li t ap tann ak pasyans pou l te fè pèp li chwazi a konnen grandè laglwa li, pou yo resevwa gras li. Bondye te deja prepare yo pou yo patisipe nan glwa li. 24Se nou menm Bondye rele soti nan mitan Jwif yo, anplis li mande nou soti nan mitan moun ki pa Jwif yo tou. 25Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze:
“Pèp ki pa t pèp mwen an,
m ap rele l pèp mwen.
Epi nasyon m pa t renmen an,
m ap rele l nasyon byenneme m nan.”#Oze 2:23.
26Epi,
“Menm kote yo te di yo:
Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”#Oze 1:10.
27Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:
“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
menm jan ak sab ki bò lanmè
se kèk nan yo k ap sove sèlman.
28Paske Senyè a ap fè sa l te di l ap fè sou latè a,
nan yon ti tan tou kout.”#Eza 10:22-23.
29Ezayi te gentan di tou:
“Senyè toupisan an
te kite kèk moun vivan.
Si l pa t fè sa konsa,
kounye a, nou t ap menm jan ak Sodòm,
nou t ap menm jan ak lavil Gomò a.”#Eza 1:9.
30“Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?”
Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikris. 31Poutan, Izrayèl menm ki t ap swiv yon lwa pou yo ka vin jis devan Bondye, yo pa reyisi vin jis pou Bondye. 32Sa k fè sa? Paske Izrayèl pa t chache vin jis pa mwayen lafwa, men pa mwayen zèv yo fè. Yo bite sou wòch ki fè moun tonbe a. 33Se sa Bondye di nan Pawòl li:
“Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay.
Se yon karyann k ap fè moun tonbe.
Men, nenpòt moun ki fè l konfyans
p ap wont.”#Eza 8:14; 28:16.

Currently Selected:

Wòm 9: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy