YouVersion Logo
Search Icon

Wòm 14

14
Pa kritike frè w
1Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse. 2Yon moun kwè li ka manje tout bagay,#14:2 manje tout bagay Selon Lalwa Jwif yo to, gen kèk manje yon Jwif pa t gen dwe manje. Lè moun sa yo te vin disip Kris, kèk nan yo pa t konprann lè sa yo te gen dwa manje tout kalite manje. yon lòt menm, ki pa gen yon lafwa solid, li manje legim sèlman. 3Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l. 4Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.
5Yon moun ka panse gen jou ki pi enpòtan pase lòt, yon lòt panse tout jou se menm. Chak moun dwe byen sèten sou sa l kwè nan pwòp lespri li. 6Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.
7Pa gen pèsòn ki viv oubyen ki mouri pou tèt li ase. 8Si n ap viv, se pou Senyè a n ap viv. Epi si nou mouri, se pou Senyè a n ap mouri. Kit n ap viv, kit nou mouri, se pwopriyete Senyè a nou ye. 9Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.
10Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la. 11Paske Bib la di:
“Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon,
tout moun va mete ajenou devan m;
tout moun va di se Bondye mwen ye.”#Eza 45:23.
12Konsa, nou tout gen pou n rann kont devan Bondye pou sa nou fè.
Pa lakoz moun fè peche
13Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal. 14M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.
15Si w deside manje yon manje ki fè frè w oubyen sè w mal ou p ap viv selon lanmou. Pa detwi lafwa yon moun poutèt yon manje! Kris te mouri poutèt moun sa a. 16Pa kite sa w panse ki bon pou ou tounen yon rezon pou fè moun kritike w. 17Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a. 18Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l.
19An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou. 20An n pa kite yon manje detwi travay Bondye. Tout manje bon devan Bondye, men li pa bon pou yon moun manje yon bagay ki fè yon lòt moun peche. 21Sa ki byen, se pou n pa ta manje vyann, pa bwè diven, pa sèvi ak anyen ki ka fè frè ak sè nou yo peche.
22Egzamine konviksyon w yo nan kè w sou bagay sa yo devan Bondye. Se yon benediksyon pou moun ki ka fè sa l kwè ki dwat, san l pa santi l koupab. 23Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.

Currently Selected:

Wòm 14: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in