Mat 13
13
Istwa yon plantè ki t ap simen grenn
(Mak 4:1-9; Lik 8:4-8)
1Menm jou a Jezi deplase kite kay kote l te ye a, l ale chita bò lak la. 2Epi yon foul moun te vin rasanble bò kote l. Konsa Jezi monte nan yon bato li chita. Foul moun yo te rete sou rivaj la. 3Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo:
Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. 4Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. 5Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri, paske tè a pa fon ase pou rasin yo antre. 6Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. 7Yon lòt pati nan grenn yo te tonbe nan touf pikan. Yo leve, men pikan an toufe yo. 8Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an. 9Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!
Pou kisa Jezi sèvi ak istwa pou l anseye
(Mak 4:10-12; Lik 8:9-10)
10Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?”
11Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a. 12Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an. 13Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl.
Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre.
Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre.
14Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a:
Ou ap koute sou koute,
men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
men ou p ap wè anyen.
15Kè pèp sa vin tounen zanpoud.
Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
yo ta wè ak je yo,
yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
mwen ta geri yo.#Eza 6:9-10.
16Men nou menm, benediksyon pou nou paske je nou yo wè, zòrèy nou yo tande. 17An verite m ap di nou: anpil pwofèt ak anpil moun ki fidèl te swete wè sa n ap wè la a. Yo te swete tande sa n ap tande la a, men yo pa t jwenn gras sa a.
Jezi eksplike istwa plantè a
(Mak 4:13-20; Lik 8:11-15)
18Men eksplikasyon parabòl plantè a:
19Grenn ki tonbe nan granchemen an se moun ki tande mesaj konsènan wayòm nan epi li pa konprann li. Dyab la pase touswit li ranmase ti grenn ki te simen an, l ale avè l.
20Grenn ki tonbe nan karyann nan se moun ki tande pawòl epi ki resevwa l prese prese ak kè kontan. 21Men kòm li pa kite l pran rasin nan lavi l, nan yon batje mesaj la disparèt. Depi pwoblèm oswa pèsekisyon vini poutèt mesaj la, moun nan retire kò l.
22Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.
23Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la epi ki konprann mesaj la. Yo pwodui yon rekòlt 100, 60, epi 30 fwa plis pase sa ki te simen an.”
Parabòl move zèb nan jaden ble a
24Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li. 25Nan menm nuit la, pandan tout moun ap dòmi, yon lènmi pase simen grenn zèb nan jaden ble a, epi l ale. 26Lè ble a grandi epi li kòmanse mete grenn, move zèb yo parèt tou. 27Travayè mèt jaden an pwoche bò kote li, yo di: Mèt, èske se pa t bon semans nou te simen nan jaden sa a? Kote move zèb sa yo soti?
28Li reponn yo: se yon lènmi ki fè sa.
Travayè yo mande l: Èske w vle nou rache move zèb yo?
29Li di yo: Non! Nan rache move zèb yo, nou ka rache pye ble tou. 30Kite yo grandi ansanm jouktan jou rekòt la rive. Lè jou rekòt la rive, m a mande travayè yo pou yo koupe move zèb yo, sanble yo fè pakèt epi boule yo. Apre sa, n a sanble ble a pou nou mete nan depo.”
Yon lòt istwa sou wayòm
(Mak 4:30-34; Lik 13:18-21)
31Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l. 32Grenn moutad la se semans ki pi piti, men lè li grandi, li vin pi gwo plant pami legim yo. Li vin tounen yon pyebwa kote zwazo yo ka fè nich.”
33Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”
34Jezi sèvi avèk parabòl pou l di foul la tout bagay sa yo. Alaverite, li toujou sèvi ak istwa ki fè moun reflechi pou l anseye yo. 35Sa te rive kon sa pou pwofesi sa a te ka akonpli:
“M pral pale an parabòl.
M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.”#Sòm 78:2.
Jezi eksplike parabòl move zèb la
36Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.”
37Lè sa a, Jezi di yo: “Moun ki plante bon grenn nan, se Pitit Lòm nan. 38Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo. 39Lènmi ki plante zèb la se Dyab la. Jou rekòt la reprezante lafendimond. Travayè yo se anj Bondye yo.
40Menm jan yo rache zèb yo pou boule nan dife, se kon sa sa pral ye lè lafendimond nan rive. 41Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an. 42Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan. 43Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!
Parabòl ja lajan an ak grenn pèl la
44Wayòm syèl la se tankou yon ja lajan ki sere anba tè. Yon moun jwenn li, li sere l pi fon. Li tèlman kontan, l ale vann tout sa l genyen pou l achte jaden an.
45Wayòm syèl la se tankou yon machannn bijou k ap chache bèl grenn pèl. 46Lè l jwenn yon bèl grenn pèl ki gen anpil valè, l ale vann tout sa li genyen pou l achte li.
Parabòl senn lan
47Wayòm syèl la se tankou yon senn yo jete nan lak la ki pran tout kalite pwason. 48Lè senn nan plen, pechè yo rale l mete deyò. Yo chita pou yo triye pwason yo. Yo mete tout sa k bon nan panye, epi yo jete rès sa k pa vo anyen yo. 49Se menm jan an sa pral pase lè lafendimond lan rive. Zanj yo ap separe mechan yo ak moun jis yo. 50Y ap voye mechan yo nan yon gwo flanm dife kote ki pral gen kriye ak manje dan.”
51Apre sa Jezi mande disip yo:
“Èske nou konprann tout sa m di nou an?” Yo reponn li: “Wi, nou konprann.”
52Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mak 6:1-6; Lik 4:16-30)
53Lè Jezi fin bay tout parabòl sa yo, li kite zòn kote l te ye a. 54Li ale Nazarèt, kote li te grandi. Li kòmanse anseye nan sinagòg la. Tout moun ki t ap koute l te etone anpil. Yo t ap mande tèt yo: “Kote li jwenn kalite sajès sa a ak kalite pouvwa sa a pou fè mirak?” 55Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye? 56Tout sè l yo toujou rete nan zòn nan, pa vre? Kòman l fè ka fè tout bagay sa yo? 57Yo te gen gwo pwoblèm pou yo aksepte Jezi.
Lè sa a Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve ak moun nan fanmi li.” 58Poutèt moun yo te enkredil, Jezi pa t fè anpil mirak nan Nazarèt.
Currently Selected:
Mat 13: VKF
Highlight
Share
Copy
Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
@ 2017 Bible League International