YouVersion Logo
Search Icon

Lik 9

9
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mat 10:5-15; Mak 6:7-13)
1Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi. 2Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad. 3Epi li di yo: “Pa pote okenn pwovizyon avèk nou pou vwayaj la. Pa pran ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan; pa menm yon rad derechany piga nou pote. 4Nan nenpòt kay nou antre, rete la jouktan nou rive lè pou nou deplase. 5Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”
6Konsa, apot yo ale, yo vwayaje atravè tout bouk yo. Yo preche bòn nouvèl la epi yo geri anpil moun toupatou.
Ewòd tonbe nan konfizyon konsènan Jezi
(Mat 14:1-12; Mak 6:14-29)
7Tout bagay ki t ap pase yo te rive nan zòrèy Ewòd. Li te touve l nan konfizyon paske te gen kèk moun ki t ap di se Janbatis ki resisite. 8Gen moun ki te di se Eli ki parèt. Gen lòt menm ki te di se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite. 9Men Ewòd t ap di nan panse li: “Se mwen ki te koupe tèt Janbatis. Ki lès nonm sa a ye menm k ap fè tout bagay sa yo m ap tande a?” Li pa t sispann chache okazyon rankontre ak Jezi.
Jezi bay plis pase 5,000 moun manje
(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Jan 6:1-14)
10Lè apot yo tounen sot nan misyon an, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Apre sa Jezi pran yo ak li yo pati poukont yo ale nan yon vil yo rele Bètsayida. 11Lè foul moun yo reyalize sa k pase a, yo pouswiv Jezi. Lè yo rive, li resevwa yo. Li tonbe preche yo konsènan wayòm Bondye a epi li geri tout sa yo ki te malad.
12Lè l t apral aswè, douz apot yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Fòk ou voye foul la ale pou yo ka chache jwenn kote pou yo dòmi ak manje pou yo manje nan zòn ki ozalantou, paske kote nou ye a pa gen kay.”
13Men Jezi di yo: “Se pou nou menm nou ba yo manje.”
Yo reponn Jezi konsa: “Nou gen sèlman senk (5) pen ak de (2) pwason la a. Atò pou nou ta al achte manje pou nou bay tout moun sa yo?” 14Te gen anviwon senk mil (5,000) gason konsa.
Jezi di apot li yo: “Fè yo chita pa gwoup senkant (50) moun.”
15Apot yo te fè sa a epi tout moun te chita. 16Jezi pran senk (5) pen ak de (2) pwason yo. Li leve tèt li gade syèl la. Li di Bondye mèsi pou yo epi li kase yo. Li bay apot li yo pou pataje bay foul la. 17Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè yo ranmase rès moso foul la pa t fin manje, yo jwenn douz panye.
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mat 16:13-19; Mak 8:27-29)
18Yon lè, pandan Jezi t ap priye poukont li, tout apot li yo vin rasanble kote l. Li pwofite poze yo kesyon sa a: “Ki moun foul la di mwen ye?”
19Yo reponn li: “Anpil moun di ou se Janbatis. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt menm ki di ou se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite.”
20Lè sa a Jezi di yo: “E nou menm, ki moun nou di mwen ye?”
Pyè reponn, li di: “Ou se Kris Bondye voye a.”
21Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn moun sa.
Jezi di li gen pou l mouri
(Mat 16:21-28; Mak 8:31–9:1)
22Apre sa Jezi di: “Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.”
23Epi li kontinye di yo tout: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 24Paske moun ki ta vle sove lavi li, va pèdi l; men moun ki pèdi lavi li pou mwen, se moun sa k ap sove lavi li. 25Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 26Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo. 27Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”
Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli
(Mat 17:1-8; Mak 9:2-8)
28Anviwon uit jou kon sa apre Jezi te fin di pawòl sa yo, li pran Pyè, Jan ak Jak, li monte sou yon mòn ansanm ak yo pou l al priye. 29Etan Jezi t ap priye konsa, figi l chanje. Se kòmsi li vin gen yon lòt vizaj, rad sou li menm vin tou blan epi l ap briye. 30Epi, men de mesye t ap pale ansanm ak li. Se te Moyiz ak Eli. 31Mesye sa yo te parèt nan tout laglwa yo tou, yo t ap pale ak Jezi sou misyon li t apral akonpli nan lanmò li nan Jerizalèm. 32Nan moman sa a, Pyè ansanm ak lòt mesye yo te gen yon move dòmi k ap kale yo. Lè yo reveye, yo wè Jezi nan laglwa li. Yo wè de mesye yo tou ki te kanpe ansanm ak Jezi. 33Pandan mesye yo fè sa pou yo ale kite Jezi, Pyè di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la. Si ou dakò, m ap monte twa tant.#9:33 twa tant Yo tradui menm mo sa a “tant ki sen an” nan Ansyen Testaman an. Konsa, sa kapab vle di isit la yon plas pou adorasyon. Youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.” Pyè pa t konnen twò byen sa l t ap di.
34Pandan Pyè t ap di pawòl sa yo, yon nyaj vin kouvri yo. Pyè ansanm ak lòt de disip yo te pè anpil lè nyaj la kouvri yo a. 35Se kon sa yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”
36Lè vwa a fin pale, mesye yo wè Jezi poukont li ankò. Men yo pa t janm di pèsonn moun anyen nan lè sa a sou sa yo te wè a.
Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri
(Mat 17:14-18; Mak 9:14-27)
37Nan demen, Jezi ansanm ak Pyè, Jan ak Jak desann mòn nan. Parèt yo parèt, yon gwo foul moun vin rankontre Jezi. 38Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen. 39Lè ou tande move lespri sa a sezi li, li fè l tonbe kriye byen fò, li souke l byen souke, li fè bouch li fè kim, li pa vle kite l ditou epi li maltrete l anpil. 40Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”
41Jezi reponn: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a isit.”
42Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l. 43Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa.
Jezi pale sou lanmò li
(Mat 17:22-23; Mak 9:30-32)
Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa: 44“Kenbe pawòl m pral di nou la yo byen nan tèt nou. Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm.” 45Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a.
Kilès ki pi gran?
(Mat 18:1-5; Mak 9:33-37)
46Disip Jezi yo te tonbe nan yon diskisyon sou ki moun pami yo ki ta pi gran pase lòt yo. 47Jezi li menm ki te konnen sa k te nan tèt yo, li pran yon ti moun, li mete l kanpe kote l. 48Apre sa li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa ti moun sa a nan non mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan. Paske moun ki pi piti nan pami nou an, se li menm ki pi gran.”
Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou
(Mak 9:38-40)
49Jan pran lapawòl li di: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”
50Men Jezi di: “Pa anpeche li. Paske nenpòt moun ki pa kont ou, li avè w.”
Yon ti bouk nan peyi Samari
51Lè a te prèske rive pou Jezi te monte nan syèl, konsa, li te pran desizyon fèm pou dirije l sou Jerizalèm. 52Li voye kèk mesaje ale devan. Mesaje yo ale, yo antre nan yon bouk nan peyi Samari pou yo te ka fè aranjman pou Jezi. 53Men, moun yo nan bouk la pa t resevwa Jezi paske se Jerizalèm li t aprale. 54Lè Jak ak Jan wè sa, yo di: “Mèt, ou pa ta vle nou rele dife sot nan syèl la tonbe sou yo, pou boule yo?”#9:54 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute “menm jan Elize te fè a.”
55Jezi vire gade mesye yo, li raple yo a lòd.#9:55 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute “Epi li di, Nou pa konnen ki kalite lespri ki nan tèt nou. 56 Pitit Lòm nan pa vini pou detwi lavi moun, men se pou l kapab sove yo.” 56Apre sa, yo ale nan yon lòt bouk.
Swiv Jezi
(Mat 8:19-22)
57Pandan yo te nan wout aprale, yon moun pwoche bò kote Jezi, li di l: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”
58Jezi reponn li: “Rena yo gen tou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”
59Apre sa li di yon lòt: “Swiv mwen.”
Men, nonm nan di Jezi konsa: “Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan.”
60Jezi reponn li: “Kite moun mouri yo antere moun mouri parèy yo. Men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a pito.”
61Yon lòt moun ankò di Jezi konsa: “M ap swiv ou wi Mèt, men kite m al di fanmi m orevwa dabò.”
62Men Jezi di li: “Nenpòt moun ki kòmanse laboure yon jaden epi ki vire gad dèyè li pa kalifye pou wayòm Bondye a.”

Currently Selected:

Lik 9: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy