YouVersion Logo
Search Icon

Jan 19

19
1Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. 2Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov#19:2 rad mov Li pwobab yon wòb sòlda ki te sanble ak wòb koulè mov wa yo te konn mete sou yo. Yo te mete rad sa a sou Jezi pou yo pase l nan betiz, paske te pretann li se yon wa. sou li. 3Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou.
4Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” 5Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!”
6Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l!
Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.
7Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”
8Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. 9Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. 10Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?”
11Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”
12Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.”
13Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. 14Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an!
15Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!”
Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?”
Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”
16Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Lik 23:26-43)
17Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre. 18Se la yo krisifye l ansanm ak de lòt moun, youn chak kote, Jezi nan mitan.
19Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: Jezi, moun nazarèt, wa Jwif yo. 20Anpil Jwif te li pannkat sa a, paske kote Jezi te krisifye a te toupre vil la epi sa k te ekri sou li a te an ebre, an laten epi an grèk.
21Chèf alatèt prèt Jwif yo di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men di pito: Nonm sa a te di mwen se wa Jwif yo.”
22Pilat reponn yo: “Sa m ekri a mwen ekri l nèt.”
23Lè sòlda yo fin krisifye Jezi, yo pran rad li yo fè kat pòsyon, youn pou yo chak. Yo pran rad san kouti l la, yon rad ki te fèt an yon sèl pyès depi anwo rive anba. 24Sòlda yo te di antre yo: Ann pa chire l. Ann tire osò pou wè pou ki moun l ap ye. Konsa Bib la te akonpli:
“Yo pataje rad mwen antre yo,
yo tire osò sou rad mwen an.”#Sòm 22:18.
Se sa sòlda yo te fè.
25Manman Jezi te kanpe bò kwa Jezi a. Yon sè manman an te kanpe la tou ansanm ak Mari, ki te madanm Klopas, avèk Mari, moun Magdala a. 26Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.” 27Apre sa li di disip la: “Men manman w.” Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Lik 23:44-49)
28Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”#19:28 Mwen swaf Gade nan Sòm 22:15; 69:21. 29Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. 30Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.
31Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou repo a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou repo a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a. 32Sòlda yo vini, yo kase janm#19:32 yo kase janm Yo te kase janm moun yo krisifye yo pou fè yo mouri pi vit. premye a, apre sa, yo kase janm dezyèm nan yo te krisifye ansanm ak Jezi yo. 33Lè yo rive sou Jezi, yo konstate li gentan mouri, yo pa t kase janm li.
34Men youn nan sòlda yo pike Jezi ak lans li bò kòt. Menm lè a san te soti epi dlo soti tou. 35Moun ki te wè sa a, se li menm ki rakonte l. Epi temwanyaj li se verite a. Epitou li menm, li konnen sa li di a se verite a, li di sa pou ou kapab kwè tou. 36Tout bagay sa yo rive pou Bib la kapab akonpli: “Pa gen youn nan zo li yo ki kase.”#19:36 Sitasyon sa a soti nan Sòm 34:20. Menm lide a nan Egz 12:46; Nb 9:12. 37Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Yo va wè moun nan yo te pèse a.”#Zak 12:10.
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56)
38Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, kon sa Jozèf vin pran kò a.
39Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram#19:39 trant (30) kilogram Literalman, “100 lit”. konsa. 40Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. 41Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. 42Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou repo a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.

Currently Selected:

Jan 19: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in