YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 8

8
Jezi se granprèt nou
1Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat#8:1 adwat Pozisyon onè ak otorite (pouvwa). twòn laglwa Bondye ki nan syèl la. 2L ap jwe wòl granprèt li nan Kote ki pi Sen#8:2 Kote ki pi Sen Literalman, “pi sen pase tout lòt yo”, se plas espesyal ki konsakre pou adorasyon ak jwisans prezans Bondye. Te gen pati espesyal nan Tabènak Ansyen Testaman an ki te reprezante kote ki pi sen an. an, nan vrè Tabènak ki nan syèl la. Se Bondye menm ki fè sa, se pa lèzòm.
3Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou. 4Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa. 5An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”#Egz 25:40. 6Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.
7Si tout bagay te anfòm nèt ak premye akò a, dezyèm akò a pa t ap nesesè. 8Men Bondye te jwenn gen bagay ki pa t bon lakay pèp la. Bondye di:
“SENYÈ a deklare, jou yo pa lwen rive
pou mwen fè pèp Izrayèl la ak pèp Jida a yon nouvo pwomès.
9Li p ap menm jan ak pwomès mwen te fè zansèt yo,
lè m te kondui yo pou fè yo soti nan peyi Lejip.
Poutèt yo pa t onore pwomès mwen te fè ak yo a,
mwen te vire do ba yo.
10SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè
pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo.
M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo,
m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo.
Se mwen menm k ap Bondye yo,
epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.
11Okenn moun p ap bezwen anseye vwazen li
oswa yon manm fanmi l pou yo konnen Senyè a.
Paske tout moun nèt ap konnen mwen,
soti nan pi piti pou m rive nan pi gran.
12M ap padone fot yo,
epi m ap bliye peche yo.”#Jer 31:31-34.
13Lè Bondye di l ap fè yon nouvo kontra, li fè premye a tounen yon ansyen kontra. Bagay ki ansyen moun p ap sèvi ankò pa lwen disparèt.

Currently Selected:

Ebre 8: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in