YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 2

2
Delivrans nou resevwa a gen plis valè pase Lalwa
1Se poutèt sa, nou dwe fè plis atansyon toujou ak ansèyman nou te resevwa a. Wi, nou dwe fè atansyon pou nou pa vire do kite wout dwat la detanzantan. 2Mesaj yo te pote a montre li gen tout valè li. Tout moun ki te meprize l oswa ki te dezobeyi l te jwenn pinisyon yo merite pou sa. 3Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a. 4Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.
Jezi vin fèt pòtrè ak pèp li a pou l ka sove yo
5Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a. 6Men sa ki ekri nan Bib la:
“Poukisa moun enpòtan pou ou konsa?
Pou kisa ou panse ak moun menm?
Poukisa ou pran swen pitit lòm nan#2:6 pitit lòm nan Sa ka vle di yon moun kèlkonk, men lè “Pitit Lòm nan” se yon non (gade Pitit Lòm nan nan Lis Mo yo) ki prèske toujou vle di Jezi, sa montre kijan Bondye te gen plan pou tout moun.?
Poukisa li enpòtan pou ou konsa?
7Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan.
Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.
8Ou mete tout bagay anba kontwòl#2:8 kontwòl Literalman, “anba pye”. li.”#Sòm 8:4-6.
Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li. 9Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.
10Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay#2:10 pyès fay Konplè san manke anyen. nan li. Konsa, li ka sove anpil moun.
11Konsa, Jezi ki fè moun vin sen an, ansanm ak moun ki vin sen yo, yo tout soti nan menm fanmi lan. Se sa k fè Jezi pa wont pou l rele yo frè ak sè li. 12Li di:
“Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo.
M ap chante louwanj ou devan tout moun.”#Sòm 22:22.
13Li di ankò:
“M ap mete konfyans mwen nan Bondye.”#Eza 8:17.
Epi li di:
“Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.”#Eza 8:18.
14Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a. 15Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò. 16Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini. 17Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la. 18Wi, poutèt Jezi te sibi soufrans ak tantasyon, li ka pote sekou bay sila yo k ap sibi tantasyon.

Currently Selected:

Ebre 2: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in