YouVersion Logo
Search Icon

Trav 9

9
Sòl tounen yon disip Jezi
1Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a, 2epi li mande l lèt otorizasyon pou l al nan sinagòg Damas yo. Li te vle pou pi gran sakrifikatè a ba l otorite pou l arete tout moun li ta jwenn nan Damas k ap swiv Kris. Nenpòt kwayan li ta jwenn nan Damas, fi tankou gason, pou l arete yo mennen Jerizalèm.
3Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl. 4Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?”
5Pòl di: “Kilès ou ye, Senyè?” Epi vwa a reponn: “Mwen se Jezi ou ap pèsekite a. 6Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.”
7Mesye ki t ap vwayaje ak Sòl yo te kanpe la bouch be, poutèt yo tande vwa a, men yo pa t wè pèsonn. 8Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas. 9Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou.
10Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!”
Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.”
11Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida.#9:11 Jida Jida sa a, se pa apot ki te rele Jida a. Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la. 12Pandan l ap priye a, li wè yon nonm nan yon vizyon ki rele Ananyas. Nonm nan antre, li mete men l yo sou li epi li wè ankò.”
13Ananyas reponn: “Senyè, m tande deja nan bouch anpil moun kijan nonm sa a fè anpil mal kont pèp ki apa pou ou a nan Jerizalèm. 14Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.”
15Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la. 16Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”
17Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.” 18Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li. 19Apre te fin manje, li vin gen fòs ankò.
Sòl kòmanse ap pale de Jezi
Sòl rete Damas pandan kèk jou ankò ansanm ak disip yo. 20San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”
21Tout moun ki te tande mesaj Sòl la te sezi. Yo t ap di: “Èske se pa nonm sa a ki t ap eseye detwi disip Kris yo nan Jerizalèm nan? Èske se pa pou menm rezon an li te vin isit la, pou l mare disip Kris yo mennen bay chèf prèt la?”
22Men, Sòl te vin pi maton toujou nan demontre Jezi se Mesi a, pa mwayen detay li t ap bay yo. Agiman Sòl yo te tèlman fò, Jwif ki te nan Damas yo te oblije bat ba devan l.
Sòl chape poul li anba men Jwif yo
23Apre yon bon ti tan, kèk Jwif t ap fè plan pou touye Sòl. 24Lajounen kou lannuit yo t ap veye pòtay lavil la pou yo te ka touye Sòl. Men, Sòl limenm te gentan pran nouvèl la. 25Yon lè, nan mitan lannuit, kèk nan patizan Sòl yo te ede l sove kite vil la. Yo mete l nan yon panye epi yo file l desann dèyè miray lavil la.
Sòl nan Jerizalèm
26Apre sa, Sòl ale nan Jerizalèm. Li eseye asosye l ansanm ak lòt disip ki Jerizalèm yo, men disip yo te pè li. Yo pa t kwè Sòl te tounen yon patizan Jezikris toutbon vre. 27Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon.
28Konsa, Sòl rete avèk disip yo. Li t ap fè ale vini ak yo nan tout Jerizalèm ap preche nan non Kris la avèk anpil konviksyon. 29Li te pale sitou ak Jwif ki te pale Grèk yo. Li te konn diskite ak yo. Konsa, yo t ap chache fè plan pou touye l. 30Lè disip yo tande koze konplo pou touye Sòl la, yo mennen Sòl Sezare. Pandan l Sezare, yo voye l ale lavil Tas.
31Lè sa a, legliz la te gen lapè, ni nan Jide, ni nan Galile, ni nan Samari. Kwayan yo te devlope nan lafwa yo gras ak konkou Sentespri a, yo te montre yo gen krentif pou Bondye nan jan y ap viv. De jou an jou legliz la t ap vin gen plis moun toujou.
Pyè nan lavil Lida ak nan Jope
32Pyè menm t ap vwayaje nan tout rejyon ozalantou Jerizalèm. Se kon sa li t al vizite kwayan#9:32 kwayan Literalman, “moun ki sen yo”, se te yon non pou moun ki kwè nan Jezi. Men bagay nan vèsè 41. yo nan lavil Lida. 33Lè l rive la, Pyè rankontre yon nonm yo rele Ene. Ene te paralize, sa te fè l pa t janm ka leve sou kabann li depi uit an. 34Pyè di l konsa: “Ene, Jezi geri w. Leve non, ranje kabann ou.” Lamenm, Ene leve kanpe. 35Tout moun yo ki t ap viv nan Lida ak nan plenn Sawon an te wè li, epi sa te fè yo tounen vin jwenn Bondye.
36Te gen yon dam ki te kwè nan Jezi nan vil Jope ki te rele Tabita. Nan lang Grèk la, yo te rele l Dòkas ki vle di “Gazèl”. Li te toujou fè byen anvè tout moun epi li te konn ede pòv yo. 37Pandan Pyè te nan lavil Lida, Tabita tonbe malad epi li mouri. Moun yo benyen kadav la epi yo mete l nan yon chanm anlè nan kay la. 38Disip ki Jope yo te pran nouvèl Pyè te nan lavil Lida. Lida ak Jope te toupre. Konsa, disip yo voye de mesye al kote Pyè pou al di l: “Tanpri, fè vit vini prese prese!”
39Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo. 40Pyè fè tout moun yo soti. Li mete ajenou, li priye. Apre sa, li vire fas li bò kote mò a epi li di: “Tabita, leve!” Epi dam nan louvri je li. Lè l wè Pyè, li leve chita. 41Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan.
42Moun toupatou nan Jope te tande nouvèl sa k te pase a, kon sa anpil nan yo te mete konfyans yo nan Senyè a. 43Apre sa, Pyè rete nan lavil Jope pandan yon bon bout tan. Li te fè ladesant lakay yon bòs tanè yo te rele Simon.

Currently Selected:

Trav 9: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in