YouVersion Logo
Search Icon

3 Jan 1

1
1Se mwen menm, Ansyen#1:1 Ansyen Se petèt apot Jan li menm. “Ansyen” vle di yon mesye aje oubyen yon lidè espesyal nan legliz la (tankou nan Tit 1:5). an, k ap salye w, Gayis,
zanmi byeneme m nan.
2Mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou, menm jan nanm ou gen bon sante a. 3Sa fè m kontan anpil lè kèk frè kretyen te vizite m epi yo te di m ou ap kenbe fèm nan verite a.#1:3 verite a La verite oubyen “Bòn Nouvèl” konsènan Jezikris ki mare tout kwayan yo ansanm. Se menm bagay la ki nan vèsè 8, 12. 4Pa gen anyen pou ta fèm pi kontan pase lè m tande pitit mwen yo ap mache daprè verite a.
5Byeneme, se yon bon bagay pou nou kontinye ede kwayan yo, menm si se moun ou pa menm konnen. 6Yo temwanye devan legliz la kijan nou genyen lanmou. Tanpri ede frè yo kontinye vwayaj la yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 7Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo. 8Se poutèt sa, nou ta dwe resevwa moun konsa. Lè sa a, nou vin kolaboratè avèk yo nan travay y ap fè pou verite a.
9Mwen te ekri legliz la yon lèt. Men, Dyotrèf ki pran tèt pou yon lidè, li refize resevwa l. 10Pou rezon sa a, lè m a rive bò kote nou m va devwale tout vye zak l ap fè yo. Non sèlman li pa resevwa moun yo, men li menm anpeche lòt moun resevwa yo. Li menm ap eseye mete yo deyò nan legliz la.
11Zanmi m, pa imite sa ki mal. Imite sa ki bon. Nenpòt moun ki fè sa ki byen se pitit Bondye li ye. Men moun k ap fè sa ki mal pa t janm konnen Bondye.
12Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.
13Mwen genyen anpil bagay pou m ta ekri voye ban nou. Men m pa vle ekri yo ak plim epi ak lank. 14M swete pa twò lontan mwen ka vin wè nou, lè sa a n a pale fasafas. 15M ap priye Bondye pou li ban nou kè poze. Zanmi yo voye bonjou pou ou. Di chak zanmi m yo endividyèlman mwen voye salye yo.

Currently Selected:

3 Jan 1: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy